Français | Créole | Anglais

Aksyon de Gras , TiBob de Nazareth , CD tout okazyon , Lyrics

À lire aussi:

Jubau
Jubau est le fondateur & CEO de BGospel magazine.

Aksyon de Gras

Son w Aksyon de Gras mwen vin fè Oh (bis)
Son w Aksyon de Gras mwen vin fè Oh (bis)
M pot adorasyon pou m bay Bondye m nan
Mwen pote louanj Oh pou m di jan Li gran
Pa di m cho devan
Son w Aksyon de Gras mwen vin fè Oh

Si w konn janm te antrave
Ou pa ta di m cho devan
Si w konn konbyen mwen te dwe
Ou pa ta di m cho devan
Si w konn dèt Jezu peye
Ou pa ta di m cho devan
Mwen pa vin fè wè
Son w Aksyon de Gras mwen vin fè Oh

-2-
Se remèsiman mwen vin bay Oh (bis)
Se remèsiman mwen vin bay Oh (bis)
M pot adorasyon pou m bay Bondye m nan
Mwen pote louanj Oh pou m di jan Li gran
Pa di m cho devan
Se remèsiman mwen vin bay Oh

Si w konn defi Kris leve
Ou pa ta di m cho devan
Si w konn nan tou l t al chèche m
Ou pa ta di m cho devan
Si w konn pas dlo m te janbe
Ou pa ta di m cho devan
Pa mande m detay
Se remèsiman mwen vin bay Oh

-3-
Se yon temwanyaj mwen vin bay Oh (bis)
Se yon temwanyaj mwen vin bay Oh (bis)
M pot adorasyon pou m bay Bondye m nan
Mwen pote louanj Oh pou m di jan Li gran
Pa di m cho devan
Se yon temwanyaj mwen vin bay Oh

Si w konn jan vi m te gaye
Ou pa ta di m cho devan
Si w konn jan m te antòtye
Ou pa ta di m cho devan
Si w konn jan m te anfouraye
Ou pa ta di m cho devan
Pa mande m detay
Se yon temwanyaj mwen vin bay Oh

-4-
Si w konn jan m te imilye
Ou pa ta di m cho devan
Si w konn jan m te fin ale
Ou pa ta di m cho devan
Si w konn jan m te dezespere
Ou pa ta di m cho devan
Mwen pa vin fè wè
Son w Aksyon de Gras mwen vin fè Oh

~~~
Si w wè m pote sa m genyen
Avèk lajwa nan kè mwen
Son w Aksyon de Gras mwen vin fè Oh
Pa di se payèt m ap bay
Pa bezwen gen tripotay
Son w Aksyon de Gras mwen vin fè Oh
Si w wè m antre nan tanp la
Avèk yon chan de viktwa
Son w Aksyon de Gras mwen vin fè Oh
Mwen pa wè, m pa tande
Sovè m m ap remèsye
Son w Aksyon de Gras mwen vin fè Oh

- Publicité -

LAISSER UN COMMENTAIRE

Ecrivez votre commentaire
SVP entrer votre nom ICI

- Publicité -

FOCUS 🟢🟢🟢🟢🟢

- Publicité -

Nouvelles musiques

Inscris-toi à l'infolettre!
Ouvrir le chat
1
Avez-vous une question?
Clavarder avec Jubau
Bienvenue sur BGospel Magazine.
comment pouvons-nous vous aider?
---
(pou kreyol tape - ht.bgospel.com)
(For english - en.bgospel.com)