Français | Créole | Anglais

Plonje m , TiBob de Nazareth , CD tout okazyon , Lyrics

À lire aussi:

Jubau
Jubau est le fondateur & CEO de BGospel magazine.

Plonje m

Plonje m, plonje m nan dlo a
Sentespri vin nan mwen
M vle itil legliz la
Lave m, lave m ak dlo a
Netwaye m fè m vin sen
Pou m sanble ak Papa a

-1-
M aksepte Senyè a
M gen dezi m gen lafwa
Mwen konnen Pawòl la
Ki sa k rete mwen la

Pou dat mwen legliz la
Se Bondye k mete la
M deside jodi a
Met men nan travay la

-2-
Paske m pa batize
Yo pa ka fè m konfyans
Kisa m gen m ap kache
Pou m ap fè rezistans

Mwen deja konvèti
M pa gen kote m prale
Ki sa m gen m ap pèdi
Si nan dlo a m plonje

-3-
Depi y ap bay lasèn
M santi m manke w bagay
Mwen gen wont, mwen gen jèn
M pa jwenn eskiz pou m bay

Lafen dimond rive
Sa pa ka ret konsa
Tout moun mèt rasanble
M pral plonje nan dlo a

- Publicité -

LAISSER UN COMMENTAIRE

Ecrivez votre commentaire
SVP entrer votre nom ICI

- Publicité -

FOCUS 🟢🟢🟢🟢🟢

- Publicité -

Nouvelles musiques

Inscris-toi à l'infolettre!
Ouvrir le chat
1
Avez-vous une question?
Clavarder avec Jubau
Bienvenue sur BGospel Magazine.
comment pouvons-nous vous aider?
---
(pou kreyol tape - ht.bgospel.com)
(For english - en.bgospel.com)