Français | Créole | Anglais

Lanmò Chire , TiBob de Nazareth , CD tout okazyon , Lyrics

À lire aussi:

Jubau
Jubau est le fondateur & CEO de BGospel magazine.

Lanmò Chire (Enterrement)

Chak Kretyen k monte
Kay lanmò rèl pete
Chak Kretyen k pase
Se lanmò k trepase

Lè n pran chimen syèl
Lanmò monte tonèl
Menm si n nan sèkèy
Se kay lanmò k gen dèy

Chak fwa kè n kanpe
Se souf lanmò k koupe
Lè kò n vin kadav
Lanmò menm pran wout kav

Lè kè n ret sou dyak
Lanmò fè kriz kadyak
Lè n pa respire
Vwal lanmò … dechire

Pon+Refren
Li chire, l chavire, grèp li koule
Li chire, l chavire … Lanmò chire

N ap tounen kay papa nou Lanmò chire
Li pa ka detounen nou Lanmò chire
Pa pou dat y ap ret tann nou Lanmò chire
Jodi a y ap resevwa nou Lanmò chire

Si w wè sa se bèl parad Lanmò chire
Son w pwomnad, son w balad Lanmò chire
Sou de ran zanj monte gad Lanmò chire
Y ap chante, y ap bay serenad Lanmò chire

Li chire, l chavire, grèp li koule
Li chire, l chavire … Lanmò chire

-2-
M franchi pòt kavo
M ap bwote pou anwo
Viktwa m sou lachè
Se viza m pou anlè

M pa ka anreta
Pou randevou sila a
Se fèt san lakwa
Se revanch Pitit la

Latè men pousyè w
Nanm mwen pa p lokatè w
Mò pran simityè w
Kris la trase fwontyè w

Di m kote pouvwa w
San lakwa ba w pinga w
M nan letènite
Vwal frekan w … dechire

Pon+Refren

Latè men pousyè w
Nanm mwen pa p lokatè w
Mò pran simityè w
Kris la trase fwontyè w

Di m kote pouvwa w
San lakwa ba w pinga w
M nan letènite
Vwal frekan w … dechire

Pon+Refren+

Pa koute dlo nan je nou Lanmò chire
Mwen ale men mwen pa mouri Lanmò chire
Pi devan m a va wè nou Lanmò chire
Si tankou m nou pran Jezikri Lanmò chire

Antèman sa a pa pou mwen
Se pou kò m li ye Lanmò chire
Non sèkèy sa a pa pou mwen
Pou zosman m li ye Lanmò chire
Kouwòn say o pa pou mwen
Pou kavo yo ye Lanmò chire
Tout dèy say o pa pou mwen
M anlè m ap fete Lanmò chire

Li chire, l chavire, grèp li koule
Li chire, l chavire … Lanmò chire

- Publicité -

LAISSER UN COMMENTAIRE

Ecrivez votre commentaire
SVP entrer votre nom ICI

- Publicité -

FOCUS 🟢🟢🟢🟢🟢

- Publicité -

Nouvelles musiques

Inscris-toi à l'infolettre!
Ouvrir le chat
1
Avez-vous une question?
Clavarder avec Jubau
Bienvenue sur BGospel Magazine.
comment pouvons-nous vous aider?
---
(pou kreyol tape - ht.bgospel.com)
(For english - en.bgospel.com)