Français | Créole | Anglais

Ou pa gen pri , Roosevelt Jean Noel , Lyrics

À lire aussi:

Mwen te tou piti
Men’m te konpran’n mize’l tap pase pou mwen
Pou’l voye mwen lekol
Pou fe de mwen sa’l te toujou reve
Pou’l fe’m vin yon mou’n yo respekte jodi ya
L’te pote mwen sou do’l
Pou’m travese danje
Mwen te gen 9 an
Papa mwen te gentan kite mwen
Ou ki te manman mwen
Ou men’m ki te papa mwen tou
Ou’k te kon’n sa’m genyen ni sa’m bezwen
Ou’k te toujou la pou mwen
Ou manke’m manman mwen m’reyalize

 

Manman ou pagen pri
Ou gide’m nan nwit jiska midi
Manman ou pa gen pri
Ou lite pou ban’m yon souri
Manman si’w pate la pou leve mwen
Ak ti sa’w genyen’w fe’m fin kichoy
Ou manke’m manman mwen
Ou manke mwen

 

Mwen konnen byen
M’pap jan’m kap peye’w tout sa’w te ye pou mwen
Mwen konnen byen pesonn mou’n pap jan’m kap ranplase’w
Mizik sa mwen tap fe pou ou
Ou pa men’m gentan tande’l ou pati
M’konnen byen la kote’w ye ya
Tristes maladi fini
M’konnen byen yon jou kou jodiya
M’genyen pou’m we’w anko

 

Manman ou pa gen pri
Ou gide’m nan vi’m jou’k mwen grandi
Manman ou pa gen pri
Ou lite pou ban’m yon souri
Manman si’w pa te la
Pou ou leve mwen
Ou fe’m vini sa mwen ye jodi ya
Ou manke mwen
Ooh manman mwen
Ou manke mwen,ou manke mwen…
- Publicité -

LAISSER UN COMMENTAIRE

Ecrivez votre commentaire
SVP entrer votre nom ICI

- Publicité -

FOCUS 🟢🟢🟢🟢🟢

- Publicité -

Nouvelles musiques

Inscris-toi à l'infolettre!
Ouvrir le chat
1
Avez-vous une question?
Clavarder avec Jubau
Bienvenue sur BGospel Magazine.
comment pouvons-nous vous aider?
---
(pou kreyol tape - ht.bgospel.com)
(For english - en.bgospel.com)