Français | Créole | Anglais

Bondye pou Nou , TiBob de Nazareth , CD tout okazyon , Lyrics

À lire aussi:

Jubau
Jubau est le fondateur & CEO de BGospel magazine.

Bondye pou Nou

Wout lanmou pa janm fasil
M pa p pwomèt sa m pa ka bay
Mwen konnen avni n frajil
Ka tout lajounen, lavi mande n batay

Sosyete ba nou defi
Depi lontan y ap suiv nou
Si mwen la, se pou lavi
Devan fas Bondye rasin kè m se pou ou

-Pon-
M renmen w san mezi
Pa sèlman pou sa w ye
Men pou sa m devini
Paske w chwazi bò kote m

M ap suiv ou cheri
Nenpòt kote w prale
Paske mwen pèdi
Sou chimen w pa p gide m

-Refren-
Bondye pou nou
Se sa k fè n la toujou
Pou sa yo te wè pou nou
Sa k ta di sa gade nou

Son w bann jalou
Ki pa vle byen pou nou
Latè mèt kont lanmou nou
Bondye pou nou

-2-
Plen fanmi ki chita la
Yo kontan n pran wout serye
Bondye di mo pa l deja
Rès la se nan men w, ak nan kè pa m li ye

Si m mouri m pa wè demen
Jodi a se defans mwen
Petèt m pa p ba w sa w bezwen
Men pa gen pèsonn ki ka renmen w kou mwen

-Pon-
Ou son w flè jaden
Mwen konn kote w pouse
Anndan m ou donnen
Se nan kè m Bondye plante w

Sa yo pa konnen
Se Syèl la k ap wouze
Depi n men nan men
Lapli mèt pa tonbe

-Fen-
Bondye pou nou
Se sa k fè n la toujou
Pou sa yo te wè pou nou
Sa k ta di sa gade nou

Son w bann jalou
K ap voye wòch sou nou
Yo met kite n pou kont nou
Bondye pou nou

Tout zanmi mèt lage nou
Bondye pou nou
Fanmi mèt pa konprann nou
Bondye pou nou
Yo mèt vle malè pou nou
Bondye pou nou
Yo mèt di n se de moun fou
Bondye pou nou

- Publicité -

LAISSER UN COMMENTAIRE

Ecrivez votre commentaire
SVP entrer votre nom ICI

- Publicité -

FOCUS 🟢🟢🟢🟢🟢

- Publicité -

Nouvelles musiques

Inscris-toi à l'infolettre!
Ouvrir le chat
1
Avez-vous une question?
Clavarder avec Jubau
Bienvenue sur BGospel Magazine.
comment pouvons-nous vous aider?
---
(pou kreyol tape - ht.bgospel.com)
(For english - en.bgospel.com)