Français | Créole | Anglais

Bondye Toujou La , TiBob de Nazareth , CD istwa damou , Lyrics

À lire aussi:

Jubau
Jubau est le fondateur & CEO de BGospel magazine.

Bondye Toujou La

Refren
Si pwoblèm lavi zanmi ta pran tèt ou
Si kalamite sòti pou ta fò w fou
Si ou vle tonbe si w vle pèdi lespwa
Pa bliye Bondye toujou la

-I-
Lavi w son kriz
ou pèdi tout konba
ou vin legliz
men ou pèdi lafwa
ou te gen don
ou pa t janm konn fè fay
se nan chanson
bouch ou bay temwanyay

Pon
Ou pèdi kay ak tout sa w posede
timoun nan dwòg se prizon y ap vale
w pa ka priye ou toujou ap kriye
ou kwè Bondye bliye w

Men fon w chita
mwen pral ba w yon mesay
se jodi a
lesprisen pral travay
fòk ou ta wè
jan nuaj yo anvlope w
gen w men limyè
k ap seche dlo nan je w

Pon
W santi w chalè w santi w ap transfòme
kò w ap tranble ou vle rele anmwe
ou tande w bri w a di kè w ap sote
se kòd yo k ap kase o o

-II-
Depi w nan vant
dyab fanmi w reklame w
anndan w gon w plant
ki deja kondane w
ou fatige
ou vle kite tout rans
malgre w priye
ou pa jwenn delivrans

Pon
Fon w ti pwoche jodi a se jou pa w
nan fon lesyèl wi Bondye tande vwa w
lanj Mikaèl ap desann kou loray
satan pèdi batay

Ak flanm dife
si w wè jan w ansèkle
san ap koule
pou w ka dezanvoute
gon w movetan
tout latè ap tranble
tande w gwo van
zanmi w mèt temwanye

Pon
Pitit Bondye pa kapab anba kòd
li gen pitye li plen mizerikòd
ou delivre men pa tounen dèyè
satan pa ka fè w pè

-III-
Men ou kouche
sou kabann lopital
doktè pale
yo di ka w tèminal
sèkèy achte entèman w fin peye
ou fin kadav malgre je w byen kale

Pon
Bondye voye m pot yon mesay pou ou
kounye a menm zanj yo gentan sou wout
lonje men ou men fò kè w pa gen dout
li tande plent kè ou

Mwen wè w zetwal
ki gen fòm yon epe
ou mèt ret kal
lesyèl pral opere
pa pèdi tan
kriye mande padon
anvan lontan
ou pral jwenn gerizon

Pon
Ou gen w papa ki chaje ak pouvwa
sou maladi li pral ba ou viktwa
si w gen lafwa si w pa gen dout sou sa
lanmò w pral kraze sa o o

- Publicité -

LAISSER UN COMMENTAIRE

Ecrivez votre commentaire
SVP entrer votre nom ICI

- Publicité -

FOCUS 🟢🟢🟢🟢🟢

- Publicité -

Nouvelles musiques

Inscris-toi à l'infolettre!
Ouvrir le chat
1
Avez-vous une question?
Clavarder avec Jubau
Bienvenue sur BGospel Magazine.
comment pouvons-nous vous aider?
---
(pou kreyol tape - ht.bgospel.com)
(For english - en.bgospel.com)