Français | Créole | Anglais

Men Mwen , TiBob de Nazareth , CD tout okasyon , Lyrics

À lire aussi:

Jubau
Jubau est le fondateur & CEO de BGospel magazine.

Men Mwen

Men mwen (3x)
O Jezu men mwen Ou wo hohhh
Men mwen (3x)
O Jezu pran mwen hmm hmm hmm

Depi nan pye jouk nan tèt
Peche fin avili m nèt
M pa konn jan pou m parèt
Mwen gen twòp dèt

Tèlman mwen monte-desann
Dife lavi m tounen sann
Nan m mwen pèdi nan savann
Douvan tout pòt se kont m ap rann

M konn tande pale de ou
Se sa k fè m vin devan ou
Kou w chen mouri nan labou
Men m atè a m ajenou

-2-
Lachè fann mwen bout pa bout
Satan prije m gout pa gout
Zanmi m yo lage m nan wout
M pran kou m a bout

M konn fin leve mwen chita
Dyab la di m pa fè yon pa
Plezi lachè ret ankwa
Wi nan lespri m se gwo konba

Gen lontan pou m te fè sa
Zafè moun k ap rablabla
Zafè nanm k ap regle la
Jodi a men m atè a

Satan mèt fache
Jodi a se jou pa m nan
Se jou pa m nan
Pa vin di m m a gen tan
Satan mèt move
Jodi a se pou mwen
Sa te gentan siyen
Pèsonn pa p fè m tann demen

Satan mèt fache
Jodi a se jou pa m nan
Se jou pa m nan
Nanm mwen pral chanje kan
Satan mèt move
Jodi a se pou mwen
Se pou mwen, l se pou mwen

[Kite m atè a]
Pòt lagras pa p fèmen sou mwen
[Kite m atè a]
Kris souple, oh aksepte mwen
[Kite m atè a]
Fò m kriye nan pye Senyè a
[Kite m atè a]
Jouk mwen jwenn plas pa m nan syèl la
[Kite m atè a]
Souple padone m
[Kite m atè a]
Jezu fòk san w lave m
[Kite m atè a]
Avèk peche mwen renonse Oh Oh
[Kite m atè a]
Mwen pa p leve san mwen pa sove

- Publicité -

LAISSER UN COMMENTAIRE

Ecrivez votre commentaire
SVP entrer votre nom ICI

- Publicité -

FOCUS 🟢🟢🟢🟢🟢

- Publicité -

Nouvelles musiques

Inscris-toi à l'infolettre!
Ouvrir le chat
1
Avez-vous une question?
Clavarder avec Jubau
Bienvenue sur BGospel Magazine.
comment pouvons-nous vous aider?
---
(pou kreyol tape - ht.bgospel.com)
(For english - en.bgospel.com)