Français | Créole | Anglais

Pledwari , TiBob de Nazareth , CD istwa damou , Lyrics

À lire aussi:

Jubau
Jubau est le fondateur & CEO de BGospel magazine.

Pledwari

E m ap pale avè w

ki kwè ke m pa gen dwa
ap chante jan Bondye gran nan lavi m
paske m konn chante mèvèy lanati tou
wi se mwen-menm menm
mwen-menm ou wè potre nan tout magazin
nan tout cho televizyon, nan tout jounal
mwen-menm ke w konn tande
ap jwe mizik, ap chante melodi
pou moun ki pa chita sou menm ban legliz avè w
se mwen-menm menm ki ap di w sispann
sispann pale de sa w pa konnen
depi kilè ou te save nan zafè lesyèl
pou w ap fè analiz mizikal
sou ki rit ki pou Bondye, ki rit ki pou lèzòm
mizik pa zafè satan
tout sa k bon vini de Bondye
mizik se yon fason pou yon nanm kominike ak yon lòt
menm lè konsyans nou ap kabicha
mizik se yon syans moun dwe aprann
si ou vle sèvi avè l
mizik se yon chans Bondye fè nou
pou son k ap sot nan gòj nou
ak bri k ap sot anba dwèt nou
transande tout lang alfabè lèzòm etabli
nou-menm Aysyen, nou trennen medyokrite
tout kote nou kite tras
se sa k fè nenpòt moun nan sen legliz
ap pran kouvèti spirityèl ak 2, 3 vèsè
pou fè mizik malatyong
e kondane tout vrè mizisyen pwofesyonèl
ki pa mare anba kòd menm relijyon ak yo
depi kilè Bondye nou an pa renmen sa ki bon?
depi kilè Bondye nou an renmen medyokrite?
wi ou mèt kontinye tande; se mwen-menm menm
ki gen postè m kwoke nan tout kafou mizik
k ap pale w de kijan Bondye gran
mizik se yon mwayen pisan ke moun ki kapab
itilize pou antre nan kè lòt
avèk li, sa ki gen bon entansyon
fè ledikasyon, fè revolisyon
fè moun reve, fè moun viv lè yo fin pèdi lespwa
avèk li, nou denonse sa k pa bon
nou louvri je sa k avèg
avèk li, nou pwouve ke tout sa Bondye kreye bon
lanati, fanm, peyi, lespri kou lachè
konsa tou avèk li, gen lòt ki koronpi, ki fè kriye
genyen ki itilize l pou trennen moun nan lanfè tou vivan
gen moun ki adore l, fè l tounen yon dye
k ap simaye madichon ak abominasyon sou latè
mizik pouryen nan tout sa, se mizisyen an ki tout bagay
si kote w sòti a mizik se pou te sèvi satan
pa pran pase w vin fè l tounen prezan m
nan Bondye nou ateri menm kote
men orijin nou pa menm
menm Bondye ki delivre nan fatra ak labou a
se li tou ki reskape nan pwòpte ak sou asfalt
kòm yon kretyen, gen de bagay mwen pa ka fè ak mizik
men pa gen mizik m pa ka jwe
kòm pitit Bondye, gen de kote m pa ka ale ak mizik
men pa gen w kote pou mizik mwen pa ale
kòm yon kretyen mwen se moun tou
sa vle di mwen gen yon vi sou latè
mwen gen moun mwen renmen
mwen gen w peyi pou m defann
ak pawòl devlopman, pawòl lapè, pawòl lanmou
ki pa nesesèman vèsè ak sòm
se relasyon m ak Bondye ki lesansyèl
ki pèsonèl, ke w pa p janm konprann
pliske w pa t la lè l t ap chwazi m
e m pa t envite w lè m t ap aksepte l
mizik pa fè m sa ye
men ak mizik mwen fè moun konn sa m ye
yon powèt, yon ekriven, yon Ayisyen
yon mennaj, yon mari, yon papa
yon pitit, yon frè, yon zanmi
yon nonm ki gen gras ak lespri Bondye
nan tout kòt zantray li
mwen te ka chwazi pou m pale sèlman
de limyè Bondye anndan m
pou m te ka parèt kou sen menm jan ak lòt
menm pa ipokrit, mwen chwazi pou m reyèl
nan devwale tout foli m kòm jenn
nan chante tout lerè m kòm moun
e nan glorifye non Bondye kòm pitit li
pa gen anyen ki melanje
se ou k ap retire mete pou w parèt pi bon
pou w fè vèsè labib bouche tou linyorans ou
e pou kondane lòt ki pa vle suiv doktrin lespri-bouche ou yo
alò, ou menm ki kwè ke Bondye ba w kle syèl kenbe
di m poukisa ou pa pran m kòm kretyen
paske m ap plenyen sò peyi m ke mwen ta vle wè delivre
paske m ap chante mizik lanmou
pou mennaj mwen, pou madanm mwen
e paske m ap di jan yon fanm, kreyati Bondye bèl
san m pa konvwate l?
poukisa ou kwè w pi kretyen pase m
paske m ap chante mèvèy Bondye
nan yon fason ki depase vizyon larelijyon w lan?
se pa mizik levanjil sèlman ki se mizik kretyen
tout kalite mizik k ap pwomouvwa lebyen, lavi ak lanmou
lapè, ladelivrans ak ledikasyon
se mizik kretyen tou
yon kretyen se yon bon sèvitè devan Letènèl
men se yon bon moun tou devan lasosyete
si Bondye pa t vle pou nou byen viv nan pami moun
li ta kreye nou nan mitan lèzanj
sispann limite pouvwa Bondye nan 2, 3 vèsè
sispann fèmen san Jezi-kri anba tonèl kilti sosyal ou
li te mouri men l te leve byen vivan
poukisa ou vle antere l ankò nan kavo soudevlopman w?
ou sèten ke pawòl ou fè lalwa
poutèt ou gen yon bann moun sèvèl wòwòt
ki kwè nan sa w ap di ak lespri yo bande
li lè pou ou sispann jije moun ke w pa ka konprann
pou Bondye ka pa jije w nan fason k pa p bon pou ou
kòmanse apresye e respekte
gras Bondye fè yon lòt nan talan mizisyen l
pou l chante lanmou ak lapè
nan mizik levanjil pou moun ki anndan legliz
kou nan lòt kalite mizik pou moun ki gaye toujou
wi se mwen-menm menm
ke ou wè sou tout lekran sinema
ke ou tande sou tout pòs radyo
k ap chante pou Bondye jodi a
paske Bondye depase tout mannigans lesklavay
ki jouke nan rasin tèt ou
se mwen-menm menm
ke tout moun ki pa nan tanp ou
ap tande nan machinn yo ak lakay yo
jodi a se kou pa w
tande mesay lanmou ak pouvwa Bondye
pa yon frè kretyen
ki pa anba kòd larelijyon.

- Publicité -

LAISSER UN COMMENTAIRE

Ecrivez votre commentaire
SVP entrer votre nom ICI

- Publicité -

FOCUS 🟢🟢🟢🟢🟢

- Publicité -

Nouvelles musiques

Inscris-toi à l'infolettre!
Ouvrir le chat
1
Avez-vous une question?
Clavarder avec Jubau
Bienvenue sur BGospel Magazine.
comment pouvons-nous vous aider?
---
(pou kreyol tape - ht.bgospel.com)
(For english - en.bgospel.com)