Français | Créole | Anglais

Kondoleyans a Frè Limaj , Tibob de Bazareth Album istwa damou , Lyrics

À lire aussi:

Jubau
Jubau est le fondateur & CEO de BGospel magazine.

Kondoleyans a Frè Limaj

Gen ka ki rive
sou chimen syèl la
si nou pa danble
blennde ak lafwa
sa ka rann nou mizerab
sa ka fè n dekouraje
fè tout moun ap di podyab
tèlman n aflije

Nan moman sa yo
fò n pran prekosyon
satan agogo
ap fè tantasyon
fè nou pran mande pouki
kesyone lanmou Bondye
fè n bliye wout paradi
toujou gen kriye

Refren

Li ale
Limaj frè mwen fò w konsole w
Li ale
Bondye ki bay Bondye ki pran
Li ale
Kou sa fè mal men fò n sonje
Li ale
Nenpòt kijan fò k non li loure

WWWOOOOOY!
Fò k nou loure l!

Job pase ladan n
li pa ebranle
l ap vin sanzatann
fò n toujou pare
fò k nou pa fonde fwa nou
sou favè lesyèl fè nou
men n dwe loure non Bondye
pou sa ke li ye

Lè l ape travay
nou ka pa konprann
li kraze miray
menm lanmè li fann
menm si w wè w gen dlo nan je
pa di son w mal w ap peye
pafwa li fè nou kriye
pou li ka sove n

- Publicité -

LAISSER UN COMMENTAIRE

Ecrivez votre commentaire
SVP entrer votre nom ICI

- Publicité -

FOCUS 🟢🟢🟢🟢🟢

- Publicité -

Nouvelles musiques

Inscris-toi à l'infolettre!
Ouvrir le chat
1
Avez-vous une question?
Clavarder avec Jubau
Bienvenue sur BGospel Magazine.
comment pouvons-nous vous aider?
---
(pou kreyol tape - ht.bgospel.com)
(For english - en.bgospel.com)