BGospel Anglais
BGospel Espagnol
AccueilMusiquesParoles (Lyrics)Akolad , Ginou P. Taverne

Akolad , Ginou P. Taverne

Yon pòv te sèl, a kote gran chemin an

Li te avèg , li pat gen espwa wè

Rad li chire, li tranble nan lonbraj la

Jezi vini, tènèb li vinn limyè

Lè Kris vini , pisans satan finn brize

Lè Kris vini , dlo nan je yo siye

Li pran tristès la vi nou plen ak lajwa

Nou vi-n change lè Kris vini rete

II

Move lespri te chase-l lwen lakay li

Pami tonm yo, l-te rete nan mizè

Li koupe kòl lè demon anpare li

Jezi vini e lage li menm lè

III

Mwen vle rakonte tou patou

Koman Jezi Kris li renmen mwen

Sou latè li vini yon jou

Pou li bay vi li pou mwen

Se yon bèl istwa map rakonte

Jezi kri mouri pou nou

An nou chante, an nou adore

Yon Wa ki si renmen nou

A byen souvan mwen akable

Lavi a bat kouraj mwen

Men mwen pa pè Jezi tou prem

Pou l rekonfòte nanm mwen

Bridge

Moun ki mete nan Jezi

Yon konfians ki san mezi

Yo gendwa pa janm tonbe

Delivrans yo asire (2 fwa)

Louez, L’Eternel (repetez)

Plus de paroles

Les plus populaires