- Advertisement -
Yon pòv te sèl, a kote gran chemin an Li te avèg , li pat gen espwa wè Rad li chire, li tranble nan lonbraj la Jezi vini, tènèb li vinn limyè Kè Lè Kris vini , pisans satan finn brize Lè Kris vini , dlo nan je yo siye Li pran tristès la vi nou plen ak lajwa Nou vi-n change lè Kris vini rete II Move lespri te chase-l lwen lakay li Pami tonm yo, l-te rete nan mizè Li koupe kòl lè demon anpare li Jezi vini e lage li menm lè III Mwen vle rakonte tou patou Koman Jezi Kris li renmen mwen Sou latè li vini yon jou Pou li bay vi li pou mwen Kè Se yon bèl istwa map rakonte Jezi kri mouri pou nou An nou chante, an nou adore Yon Wa ki si renmen nou A byen souvan mwen akable Lavi a bat kouraj mwen Men mwen pa pè Jezi tou prem Pou l rekonfòte nanm mwen Bridge Moun ki mete nan Jezi Yon konfians ki san mezi Yo gendwa pa janm tonbe Delivrans yo asire (2 fwa) Louez, L’Eternel (repetez)