- Advertisement -
Ajenou m koube devan fas ou Nanm mwen deseche lape tann ou Li ap soupire lap mande kote w ye Mwen paka prye, mwen boulvese Tout sa m eseye pa janm mache Mwen bouke chèche men mwen pa janm twouve Ke Paske se sèl ou ki komprann mwen Paske se sèl ou ki kenbe mwen Wi se lakay mwen ka pase swaf mwen Sèlman lakay ou mwen santi m byen Sèlman pawòl ou ki remèd mwen Tanpri segnè voye lespri w sou mwen Bridge Nanm mwen swaf lap soupire Lespri m sèch li boulvese Segnè voye lespri w sou mwen