1
Kote konbit yo ki pou rekòlte
Gran mwason pou nanm
Nan jaden peche?
Fòk nou byen pare ak laverite,
Ranmase rekòt pou letènite.
Kè
Chache travayè pou rekòlte,
Gran mwason nanm ki nan jaden peche
Kilès ka edem nan travay Bondye,
Egzante nanm yo nan jijman dife?
2
Travay la pral rèd, lap fè cho anpil,
Na keyi nanm moun malgre gwo raje,
Pa kite yon sèl,
Paske tout pou Kris,
Tout efò nou fè, sonje Kris fè plis.







