Ou Se Bondye m
Se ou-menm
Ki Bondye mwen
Se ou-menm
Ki defans mwen
Se ou-menm ki Bèje mwen
Tanpri pa kite m pou kont mwen
Lè w pa la m son w ti mouton
Nan bouch lyon mechan yo
Lè w pa la mwen san baton
Devan lamè wouj yo
Lè w pa la m san direksyon
Nan kan Filisten yo
Tanpri pa kite m pou kont mwen
Pa Lage m Senyè (7x)
Toutan
Ret Avè m Senyè (7x)
Toutan
Ret avè m Jezu ... nan dezè sa a
Filisten a goch, filisten adwat
Filisten nan legliza, filisten nan fanmi an
FILISTEN ANVAYI M SENYE!!!!!
Pa kite m ... pa kite m Jezu
Papa m se Wa
Wi papa m se wa (3x)
M ap chante
Paske papa m wa
Lè movetan
Parèt devan mwen
Mwen pa janm nan ret pèdi tan
Mwen kouri al kot papa mwen
Lè malè
Mare pye m pou mwen ka tonbe
M refize mache tèt a tè
Papa mwen se yon wa li ye
Si ou ta wè
M gen otorite
Sou tristès chagren ak doulè
Kay papa m son w wayom li ye
Si w ta wè
Van loray pa fè kè m sote
Se paske anyen pa fè m pè
Papa mwen se yon wa li ye
Papa m se wa
Li Roi des Rois
Pledwari - TiBob de Nazareth
E m ap pale avè w
ki kwè ke m pa gen dwa
ap chante jan Bondye gran nan lavi m
paske m konn chante mèvèy lanati tou
wi se mwen-menm menm
mwen-menm ou wè potre nan tout magazin
nan tout cho televizyon, nan tout jounal
mwen-menm ke w konn tande
ap jwe mizik, ap chante melodi
pou moun ki pa chita sou menm ban legliz avè w
se mwen-menm menm ki ap di w sispann
sispann pale de sa w pa konnen
depi kilè ou te save nan zafè lesyèl
pou w ap fè analiz mizikal
sou ki rit ki pou Bondye, ki rit ki pou lèzòm
mizik pa zafè satan
tout sa k bon vini de Bondye
mizik se yon fason pou yon nanm kominike ak yon lòt
menm lè konsyans nou ap kabicha
mizik se yon syans moun dwe aprann
si ou vle sèvi avè l
mizik se yon chans Bondye fè nou
pou son k ap sot nan gòj nou
ak bri k ap sot anba dwèt nou
transande tout lang alfabè lèzòm etabli
nou-menm Aysyen, nou trennen medyokrite
tout kote nou kite tras
se sa k fè nenpòt moun nan sen legliz
ap pran kouvèti spirityèl ak 2, 3 vèsè
pou fè mizik malatyong
e kondane tout vrè mizisyen pwofesyonèl
ki pa mare anba kòd menm relijyon ak yo
depi kilè Bondye nou an pa renmen sa ki bon?
depi kilè Bondye nou an renmen medyokrite?
wi ou mèt kontinye tande; se mwen-menm menm
ki gen postè m kwoke nan tout kafou mizik
k ap pale w de kijan Bondye gran
mizik se yon mwayen pisan ke moun ki kapab
itilize pou antre nan kè lòt
avèk li, sa ki gen bon entansyon
fè ledikasyon, fè revolisyon
fè moun reve, fè moun viv lè yo fin pèdi lespwa
avèk li, nou denonse sa k pa bon
nou louvri je sa k avèg
avèk li, nou pwouve ke tout sa Bondye kreye bon
lanati, fanm, peyi, lespri kou lachè
konsa tou avèk li, gen lòt ki koronpi,...
Plonje m
Plonje m, plonje m nan dlo a
Sentespri vin nan mwen
M vle itil legliz la
Lave m, lave m ak dlo a
Netwaye m fè m vin sen
Pou m sanble ak Papa a
-1-
M aksepte Senyè a
M gen dezi m gen lafwa
Mwen konnen Pawòl la
Ki sa k rete mwen la
Pou dat mwen legliz la
Se Bondye k mete la
M deside jodi a
Met men nan travay la
-2-
Paske m pa batize
Yo pa ka fè m konfyans
Kisa m gen m ap kache
Pou m ap fè rezistans
Mwen deja konvèti
M pa gen kote m prale
Ki sa m gen m ap pèdi
Si nan dlo a m plonje
-3-
Depi y ap bay lasèn
M santi m manke w bagay
Mwen gen wont, mwen gen jèn
M pa jwenn eskiz pou m bay
Lafen dimond rive
Sa pa ka ret konsa
Tout moun mèt rasanble
M pral plonje nan dlo a
Le célèbre guitariste congolais Flamme Kapaya, ancien membre de Wenge Maison Mère, rejoint le mythique Groupe Adorons l’Éternel (GAEL) pour un concert exceptionnel baptisé...
Le samedi 20 avril 2025, l’hôtel Karibe a accueilli l’événement sacré et mémorable “Worship Room”. Cette soirée spirituelle, d’une rare intensité émotionnelle, a rassemblé...
Renaissance : Entrevue exclusive avec Charlson “Poppy” Duverné, l’architecte d’un événement musical évangélique hors du commun
Le 25 mai prochain, l’église Vie Transformée accueillera “Renaissance”,...
Concert Gospel à Montréal-Nord : L’HIVER EN ÉTÉ, un événement unique pour la communauté haïtienne
Instarmark Event et Walande Corrier présentent L’HIVER EN ÉTÉ, un nouveau concert gospel à Montréal-Nord qui...