Français | Créole | Anglais

74 Réveillons,nous – Bò pui Jakòb la yon jou Senyè a

- Advertisement -

1

Bò pui Jakòb la yon jou Senyè a

- Advertisement -

Rankontre yon Samaritèn

Ki vini pran dlo, Jezi mande li bwè

Fanm sila etone

Eske ou pa konnen

Jwif avèk Samaritèn

- Advertisement -

Pa gen okenn rapò,

Pa gen okenn relasyon;

Pouki ou mande mwen bwè.

Si ou te konnen ki don Bondye

- Advertisement -

E kilès ki diw ba li bwè

Se ou menm pito ki ta mande

E mwen ta ba ou yon bon dlo;

Yon dlo ki pap janm fini

E ki va dire nan lavi ou

Pou tout letènite.

Refren

Mezanmi tande mwen

Jwenn yon nonm

Ki di mwen tout sa mwen fè,

Nonm sila se yon pwofèt

Eske se pa li menm ki Kris la!

Mezanmi tande mwen

Jwenn yon nonm

Ki di mwen tout sa mwen fè,

Nonm sila li se pitit Bondye

Se li menm ki Mesi a,

Li konnen tout sa ki nan kè mwen.

Sa se yon bagay ki mèvèye!

Li ban mwen yon dlo

Pou mwen pa janm swaf.

2

Lè fanm nan tande Jezikri

Kapab ba li yon dlo

Pou li pa janm swaf,

Fanm nan etone pi plis

Li mande ki kote ou

Va jwenn bon dlo?

Tou de men ou vid

Ou pa gen anyen pou pran dlo

Eske ou pi gran pase

Jakòb ki bay pui sa a,

Ban mwen yon ti gout ladann.

Jezi di fanm nan: kote mariw,

Ale chachel epi vin jwenn mwen.

Fanm nan bay manti

Men, elas! Pa gen pyès moun

Ki ka twonpe Jezi

Ou di ou pa gen mari,

E poutan ou pase senk deja

E dènye a pa pou ou.

3

Mezanmi tande mwen jwenn yon nonm

Ki ban mwen yon dlo

Pou mwen pa janm swaf (bis 3 liy)

Vini bwè dlo sa a

Epi swaf ou va pase.

[irp]



[irp]

[irp]

[irp]

[irp]

[irp]

- Advertisement -

Dernières vidéos en ligne

SondagesVoter

Votre zone de motivation ici

Inscris-toi à l'infolettre!
Ouvrir le chat
1
Avez-vous une question?
Clavarder avec Jubau
Bienvenue sur BGospel Magazine.
comment pouvons-nous vous aider?
---
(pou kreyol tape - ht.bgospel.com)
(For english - en.bgospel.com)