Français | Créole | Anglais

Accueil Uncategorized Polo d’Haiti , Problem legliz yo , Music & Lyrics

Polo d’Haiti , Problem legliz yo , Music & Lyrics

0
Polo d’Haiti , Problem legliz yo , Music & Lyrics
Polo dHaiti

Gen moun ki al legliz pou yo pase yon moman

paske pou yo legliz la pa plis ke yon pas tan

gen moun ki al legliz paske se’on obligasyon

Pou maman yo pa joure yo

pou pap yo pa kale yo

Gen moun ki al legliz yo gen yon bagay yap defann

se la yo ka jwenn yon bon gason ou byen yon fanm

poutan gen pastè onèt ki bezwen sove yon nanm

men yo pa konsidere yo

yo toujou ap pale sou yo

kilè nap konprann?

legliz la se kò nou li ye

fok nou pa konfonn

legliz avek relijyon vre

li lè poun aprann tande

legliz la se kè nou li ye

pi bèl relijyon wan

se mache nan sintete

O o

A a  (3x)

II

Gen moun ki al legliz selman lè yo gen problèm

bagay la se yon vye koutim li ye frèm ak sèm

padonem m men m oblije di nou tout sak nan kèm

“ala ti gason sa angran, li panse se li ki pi bon”

gen lot ki al legliz chak pou 31 desanm

satan fe rès ane a ap kinbe yo nan gagann

yo pa vle profite levanjil la kpa pou vann

yo chita la yap tann yo finn tounen pwa tann

Inscris-toi à l'infolettre!
Ouvrir le chat
1
Avez-vous une question?
Clavarder avec Jubau
Bienvenue sur BGospel Magazine.
comment pouvons-nous vous aider?
---
(pou kreyol tape - ht.bgospel.com)
(For english - en.bgospel.com)