Français | Créole | Anglais

Mwen vle , Jose Bautista

0
Mwen vle , Jose Bautista
maxresdefault 11

I

 

Nan pawòl ou, ou di konsa’a

Si nou mande-w na va trouve

Men map mande-w, tanpri segnè

Tande kri kè mwen en en

 

Mwen ta renmen, vini pi pre-w

Sanm pa genyen, kerèl nan kè e em

Jalousi ak, move panse

Chase yo o nan mwen en

 

 

 

Mwen vle pou nanm mwen beni-w

Retire nan mwen tout sa ki pa bon

Mwen vle genyen yon lot vi

Met nan mwen segnè kalite pa ou yo

 

 

II

 

Lè mwen peche, ou padone’m

Chak fwa’m tonbe, ou leve mwen

Depi se mwen, ou trè pasyan

Mesi pou lanmou ou sa

 

Lè’m panse’m sèl, ou toujou la

Lè’m inkyete’m, ou banmwen fòs ou

FRANCHMAN bondie, mwen pa gen mo

Pou’m di’w jan m renmen -w

 

 

III

Retire ènn, banmwen lanmou

Pran feblès mwen, ban mwen fòs pa a aw

Pran chagrin m yo ban mwen jwa paw

Fè mwen jan an ou vle e

Inscris-toi à l'infolettre!
Ouvrir le chat
1
Avez-vous une question?
Clavarder avec Jubau
Bienvenue sur BGospel Magazine.
comment pouvons-nous vous aider?
---
(pou kreyol tape - ht.bgospel.com)
(For english - en.bgospel.com)