BGospel Anglais
BGospel Espagnol

Yon pi bon veso , James S. Alcindor , Lyrics

1

Pirifye kè m’ak pawòl ou Pi plis, 

Sanktifye m’

Mwen vle yon zouti ke w’ itlize

Fè m’ pran tout dimensyon w’ vle m’ pran nan ou

Senyè mwen

M’vle yon instriman ki toujou nan men w’


M’vle yon veso

Ki pi bèl nan je w’

Yon pi bon veso

Ki pote prezans ou

M’ vle w’ toujou wè nan mwen

Ke m’ son (se yon) veso

Yon veso k’ itil

Pou sèvi w’


2

Fè mwen grandi nan pawòl ou pi plis

Transfòme m’

M’ vle w’ sèvi ak mwen pou montre pouvwa w’

Mouvmante pisans Sentespri w’ nan mwen

Jezi mwen

Fè tout sa ou vle avèk lavi mwen

Populaires

Articles Connexes

Popular Categories

Actualités

Tendances