pawòl

Solèy Mizik Gratitid Video lyrics Mèsi Bondye paske ou ban m lapè. Mèsi Bondye paske ou ban m lajwa. Sa w fè pou mwen, Bondye, glwa ou merite. W ap viv nan mwen, mwen pa ka pa chante. Jezi o, Jezi o, genlè se mwen w pi renmen, Bondye. Jezi o, Jezi o, sa w fè nan lavi m, m dwe remèsye w. O, wi, papa, ou kreye m pou m ba w glwa. M konnen, papa, w pa renmen moun engra. Sèl bagay w egzije, kondisyon w pase. W ap delivre m, mwen menm, m ap glorifye w. Jezi o, Jezi o, genlè se mwen w pi renmen Bondye. Jezi o, Jezi o, sa w fè nan lavi m, m dwe remèsye w Jezi o, Jezi o, genlè se mwen w pi renmen Bondye. Jezi o, Jezi o, sa w fè nan lavi m, m dwe remèsye w N ap di w mèsi, Bondye, papa, pou solèy la k ap klere nou. Ou fè anpil nan lavi m. Mèsi Seyè pou gras ou. Favè w enfini. Mèsi papa pou lanmou ou. Ou fè anpil nan lavi m. Mèsi Seyè pou gras ou. Favè w enfini. Mèsi papa pou lanmou ou. Lè mwen rele, Jezi reponn. Li pa jannmen kite m pou kò m. Bondye pa m nan pa janm desevwa m. Li toujou bon nan tout sezon. Pawòl mwen yo pa ase. Pou m dekri sa w ye, Bondye. Tanpri, papa, fè m favè. Resevwa remèsiman m. Ou fè anpil nan lavi m. Mèsi Seyè pou gras ou. Favè w enfini. Mèsi papa pou lanmou ou. Ou fè anpil nan lavi m. Mèsi Seyè pou gras ou. Favè w enfini. Mèsi papa pou lanmou ou. 👉 Lien vers : YouTube video 👉 Lien vers : Facebook

Worship Room à l’hôtel Karibe : Un événement gospel marquant 2025

Le samedi 20 avril 2025, l’hôtel Karibe a accueilli l’événement sacré et mémorable “Worship Room”. Cette soirée spirituelle, d’une rare intensité émotionnelle, a rassemblé...

Dans l'acutalités...

Entrevue exclusive : Charlson “Poppy” Duverné révèle la genèse de Renaissance

Renaissance : Entrevue exclusive avec Charlson “Poppy” Duverné, l’architecte d’un événement musical évangélique hors du commun Le 25 mai prochain, l’église Vie Transformée accueillera “Renaissance”,...

Événement gospel haïtien à Montréal-Nord : L’HIVER EN ÉTÉ 2025

Concert Gospel à Montréal-Nord : L’HIVER EN ÉTÉ, un événement unique pour la communauté haïtienne Instarmark Event et Walande Corrier présentent L’HIVER EN ÉTÉ, un nouveau concert gospel à Montréal-Nord qui...