gospel lyrics

Pledwari - TiBob de Nazareth E m ap pale avè w ki kwè ke m pa gen dwa ap chante jan Bondye gran nan lavi m paske m konn chante mèvèy lanati tou wi se mwen-menm menm mwen-menm ou wè potre nan tout magazin nan tout cho televizyon, nan tout jounal mwen-menm ke w konn tande ap jwe mizik, ap chante melodi pou moun ki pa chita sou menm ban legliz avè w se mwen-menm menm ki ap di w sispann sispann pale de sa w pa konnen depi kilè ou te save nan zafè lesyèl pou w ap fè analiz mizikal sou ki rit ki pou Bondye, ki rit ki pou lèzòm mizik pa zafè satan tout sa k bon vini de Bondye mizik se yon fason pou yon nanm kominike ak yon lòt menm lè konsyans nou ap kabicha mizik se yon syans moun dwe aprann si ou vle sèvi avè l mizik se yon chans Bondye fè nou pou son k ap sot nan gòj nou ak bri k ap sot anba dwèt nou transande tout lang alfabè lèzòm etabli nou-menm Aysyen, nou trennen medyokrite tout kote nou kite tras se sa k fè nenpòt moun nan sen legliz ap pran kouvèti spirityèl ak 2, 3 vèsè pou fè mizik malatyong e kondane tout vrè mizisyen pwofesyonèl ki pa mare anba kòd menm relijyon ak yo depi kilè Bondye nou an pa renmen sa ki bon? depi kilè Bondye nou an renmen medyokrite? wi ou mèt kontinye tande; se mwen-menm menm ki gen postè m kwoke nan tout kafou mizik k ap pale w de kijan Bondye gran mizik se yon mwayen pisan ke moun ki kapab itilize pou antre nan kè lòt avèk li, sa ki gen bon entansyon fè ledikasyon, fè revolisyon fè moun reve, fè moun viv lè yo fin pèdi lespwa avèk li, nou denonse sa k pa bon nou louvri je sa k avèg avèk li, nou pwouve ke tout sa Bondye kreye bon lanati, fanm, peyi, lespri kou lachè konsa tou avèk li, gen lòt ki koronpi,...
I
Ou pi enpòtan pou mwen
ke tout lòt bagay Senyè
m'depoze tout sa m ye
nan pye ou
ke lespri 'm, nam mwen
kò mwen
reflete ou jan w ye a
plen tout plas
lavi mwen
ak plis ou menm


PLis ou menm
mwens mwen menm
PLis ou menm
mwens mwen menm



___
PLis ou menm
mwens mwen menm

PLis ou menm
Se sa ke mwen swaf



DOWNLOAD ONLINE: www.shop.jubau.com

Plonje m Plonje m, plonje m nan dlo a Sentespri vin nan mwen M vle itil legliz la Lave m, lave m ak dlo a Netwaye m fè m vin sen Pou m sanble ak Papa a -1- M aksepte Senyè a M gen dezi m gen lafwa Mwen konnen Pawòl la Ki sa k rete mwen la Pou dat mwen legliz la Se Bondye k mete la M deside jodi a Met men nan travay la -2- Paske m pa batize Yo pa ka fè m konfyans Kisa m gen m ap kache Pou m ap fè rezistans Mwen deja konvèti M pa gen kote m prale Ki sa m gen m ap pèdi Si nan dlo a m plonje -3- Depi y ap bay lasèn M santi m manke w bagay Mwen gen wont, mwen gen jèn M pa jwenn eskiz pou m bay Lafen dimond rive Sa pa ka ret konsa Tout moun mèt rasanble M pral plonje nan dlo a
J’t’en prie fais quelq’chose pour  moi Ca ne va pas sans toi Seigneur Hate-toi je t’en supplie Que faut-il que je fasse Chacun pour soi à la fois Hate-toi je t’en supplie   Chœur Il n’y a plus de lumière Il n’y a plus de vie sans toi Efface la misère Seigneur   Ote à celui qui en a trop Donne à cela qui n’en a pas Pour que la misère diminue   Pour que le monde change Il faut qu’il y ait d’la charité Il faut qu’il y ait le partage    composition de Josué St Surin
- Advertisement -

KS Bloom – Pardonner – Cantiques évangéliques

Provided to YouTube by ONErpm Pardonner · KS Bloom · Kone Souleymane Kevin Kader Junior Pardonner ℗ Commando Music 👉 Lien vers : YouTube video 👉 Lien vers :...

Dans l'acutalités...