gospel lyrics

Kilès Mwen Ye Kilès mwen ye Segnè (bis) Kilès mwen ye Segnè (bis) Ou kite sa k pi rich yo Pou w vin wete m atè a Ou kite sa k pi gran yo Ou kite sa k pi wo yo Son w kesyon ke m ap poze Kilès mwen ye Segnè Son w kesyon m pa ka pa poze Kilès mwen ye Segnè Ou kite gwo mesye yo Ou kite gran jipon yo Ou kite gwo pòtray yo Kilès mwen ye Segnè Jouk mwen-menm tou Y ap fè pawòl sou mwen Kilès mwen ye Segnè Jouk mwen-menm tou Y ap voye pwen sou mwen Kilès mwen ye Segnè Jouk mwen-menm tou Y ap pèdi nwit pou mwen Kilès mwen ye Segnè Jouk mwen-menm tou Pou y ap kache pou mwen Lè m te atè a Pèsonn pa t wè m pou yo m pa t egziste Lè m te nan pousyè a Pèsonn pa t wè m pou yo m pa t egziste Lè m te nan labou a Pèsonn pa t wè m pou yo m pa t egziste Lè m te nan grangou a Pèsonn pa t wè m pou yo m pa t egziste -2- Ou vole sou do mòn yo Ou plonje nan vale yo Ou travèse rivyè yo ~~~ Si Bondye pa t Bondye Oh-Oh si Bondye pa t Bondye (4x) Yo ta ban m sèkèy deja Si Bondye pa t Bondye Moun yo ta fè defen deja Si Bondye pa t Bondye Mwen t ap pran lari deja Si Bondye pa t Bondye M t ap ba yo legen deja Si Bondye pa t Bondye Votou yo ta beke m deja Sansi yo ta bwè san m deja Filisten ta fè m fou deja Zo m ta fè bouton deja Antèman m ta chante deja Fanmi m ta pote dèy deja Pitit mwen ta òfelen deja Simityè ta ban m kle m deja Mwen ta lage sa deja Desepsyon t ap touye m deja Maladi ta ban m sèkèy deja Lavi m ta pase mal deja Lang yo t ap antere m deja Mwen ta...
Pa anpeche m chante Pa anpeche m louwe Pou sa kris fe pou mwen Pa mare bouche mwen Kite m chante Louwe l pou tout sa l fe Louwe l nan dimansyon l Se nomal, Pou n louwe l Li bay lod, mirak yo fet Li geri, sak nan lapen n Tout lavi m map louwe l Hosanna (4 fois) M pap sispan n louwe l
Lè ou anba chenn Vle pa vle ou nan lapenn Kè ou ape rache brabch trip ou ap kòde Nan prizon kote w ou antòtye Tout bagay ou eseye pou kapab jwenn libete Anyen pa kapab mache Se paske w pa kontre ak yon bon kle   Jezu Kri se kle tout prizon Ak li wap toujou gen rezon Devan satan peche pouvwa Jezu Kri se sèl ki pi gwo avoka Jezu Kri se kle tout prizon Ak li wap toujou gen rezon Se li ki sèl kle ki konn libere   Auteur: Lioner Clervois Lage saw santi sou kont seyè Jezu Kri Se tande wa tande gen moun ki antrave Anba tout vye kalamite Ou met gen nenpòt pwoblèm Ou mèt gen nenpòt dilèm Chimen Jezu w dwe chache Pase li se sèl kle k’bay libète
Kondoleyans a Frè Limaj Gen ka ki rive sou chimen syèl la si nou pa danble blennde ak lafwa sa ka rann nou mizerab sa ka fè n dekouraje fè tout moun ap di podyab tèlman n aflije Nan moman sa yo fò n pran prekosyon satan agogo ap fè tantasyon fè nou pran mande pouki kesyone lanmou Bondye fè n bliye wout paradi toujou gen kriye Refren Li ale Limaj frè mwen fò w konsole w Li ale Bondye ki bay Bondye ki pran Li ale Kou sa fè mal men fò n sonje Li ale Nenpòt kijan fò k non li loure WWWOOOOOY! Fò k nou loure l! Job pase ladan n li pa ebranle l ap vin sanzatann fò n toujou pare fò k nou pa fonde fwa nou sou favè lesyèl fè nou men n dwe loure non Bondye pou sa ke li ye Lè l ape travay nou ka pa konprann li kraze miray menm lanmè li fann menm si w wè w gen dlo nan je pa di son w mal w ap peye pafwa li fè nou kriye pou li ka sove n
- Advertisement -

KS Bloom – Pardonner – Cantiques évangéliques

Provided to YouTube by ONErpm Pardonner · KS Bloom · Kone Souleymane Kevin Kader Junior Pardonner ℗ Commando Music 👉 Lien vers : YouTube video 👉 Lien vers :...

Dans l'acutalités...