gospel lyrics

Eske w Konnen Eske w konnen Eske w konnen Eske w konnen Pouki li te mouri Yo kondane l yo krisifye l Pou mwen ak ou te ka sove Limanite te menase Lè Adan e Ev te fin peche Malgre yo te kloure l sou w kwa Anpil nan nou pa konn pouki Si trinite pa t entèvni Se Lisifè k t ap fè lalwa Soti nan syèl vin sou yon kwa Sou peche pou l ba nou viktwa Soti sou kwa al nan tonbo Sot nan tonbo monte anwo Pou prepare yon bèl palè Mèvèy je lèzòm poko wè Si mwen ak ou konprann pouki Se la nou pral viv pou lavi Refren Li gen pou l tounen tankou w wa Se pou nou tout kenbe lafwa Konplo Lisifè pa p pase Se Bondye sèl k ap kòmande Se poutèt sa li te mouri Pou l te kapab ban nou lavi Chèche konnen avan l twò ta Pou nou pa pèdi nan fènwa Refren Oh-Oh-Ohhh (4x) Pou chenn konplo yo ka kase Si w pa konnen chèche konnen Pou wòch pwoblèm yo ka woule Si w pa konnen chèche konnen Li ka geri tout maladi Si w pa konnen chèche konnen Sèlman met espwa w nan Jezi Si w pa konnen chèche konnen Ou mèt rele l nan movetan, zanmi Si w pa konnen chèche konnen Ou mèt konte sou li toutan, zanmi Si w pa konnen chèche konnen W mèt eseye l lè sa pa bon, zanmi Si w pa konnen chèche konnen Ou mèt chèche l pou direksyon, zanmi Si w pa konnen chèche konnen Jou lafen an prèske rive, frè mwen Si w pa konnen chèche konnen Son w okazon pou w pa rate, sè mwen Si w pa konnen chèche konnen Pòt lagras la pral fèmen Si w pa konnen chèche konnen Pinga di w ap tann demen Si w pa konnen chèche konnen Jodi a ou konnen Pa pèdi tan Si w pa konnen chèche konnen Mizik sa a fè w konnen M di w ann avan Si w pa konnen chèche konnen Frè Duval fè w konnen Vin pran devan Si w pa konnen chèche konnen Mwen...
Esther Oji - Dependable Jesus (Reload) Lyrics Esther Oji performs "Dependable Jesus" Live at COZA. Follow Esther Oji / EeZee Conceptz ☞Twitter: https://twitter.com/estheroji4 ☞Instagram: https://instagram.com/officialestheroji ☞Instagram: https://instagram.com/eezeeconceptz ☞YouTube: https://www.youtube.com/EeZeeConceptz?sub_confirmation=1 #EeZeeConceptz #EstherOji #SoundOfHeaven source
Verse 1 Mwen te pèdi Mwen te preske fini Men Jezi vini l jwenn mwen Li ban mwen lavi ki pap fini Li netwaye peche m Li pran mwen l lave m Li di mwen se pitit li Pou sa map dil mesi pou sa l fè Chorus Jezi mwen renmen w (Ou se beje mwen Ou se pwotekè mwen) Jezi mwen damou w (Ou fe jalou pou mwen Ou di mwen se pitit ou Mèsi) Verse 2 Depi lè m fin jwenn ak Jezi Dlo nan je m yo te seche m Tenèb vin limyè pou mwen Lè map mache m santi m tou sove Jezi lèse m mache ak ou Byen kontan pou m fè sèvis ou di mwen tout sekrè w genyen Ede m pou m pa enkyè pou demen Chorus Jezi mwen renmen w (Ou se beje mwen Ou se pwotekè mwen) Jezi mwen damou w (Ou fe jalou pou mwen Ou di mwen se pitit ou Mèsi) Bridge Jezi mwen renmen w Jezi m adore w (5 fwa) (Ou se bèje mwen Ou se pwotektè mwen Jezi)
. LYRICS « Sa’w Fè Pou Mwen », 1 Mwen kite yon engra Ki pat bay valè ak lakwa Mwen te yon vye voryen M’pat janmen panse fè byen Sa’w fè pou mwen M’paka fin pale Sa’w fè pou mwen M’pap janm fin explike 2 Ou wete’m nan labou Ou mete mwen sou 4 wou Lè konsa fò’m ta fou Si telman fado’m te lou Sa’w fè pou mwen M’paka fin pale Senyè sa ou fè pou mwen M’pap janm fin explike Papa sa ou fè pou mwen M’paka fin pale non Sa’w fè pou mwen M’pap janm fin explike Refren Sa’w fè pou mwen M’paka fin pale Sa’w fè pou mwen M’pap janm fin explike Bridge Ou pa gade sou eta’m Ak konpasyon w’gentan pran ka’m Senyè mwen vle rete la Rete la jouk tan sa kaba 3 Lè kabwèt mwen kole Se ou menm ki debloke’m Lè lavim atriste Se ou sel ki konsole’m Kè Senyè Sa’w fè pou mwen M’paka fin pale Sa’w fè pou mwen M’pap janm fin explike Bondye Sa ou fè pou mwen M’paka fin pale Sa’w fè pou mwen M’pap janm fin explike
- Advertisement -

KS Bloom – Pardonner – Cantiques évangéliques

Provided to YouTube by ONErpm Pardonner · KS Bloom · Kone Souleymane Kevin Kader Junior Pardonner ℗ Commando Music 👉 Lien vers : YouTube video 👉 Lien vers :...

Dans l'acutalités...