1
Mwen vle rakonte sa Kris fè pou mwen
Depi li jwenn mwen zafèm tou chanje
Nan prizon djab la Kris banm libète
Wi Jezi te delivrem.
Kè
Jezi te delivrem,
Jezi te delivrem
Tenèb peche tounen nan bèl klate
Wi Jezi te delivrem.
2
Chanalite fèm bliye gras Bondye
Sousi lavi te fè mwen pè lanmò
Jezi sovem e mwen pa pè ankò
Wi Jezi te delivrem.
3
Sa Kris fè pou mwen la fèl pou ou tou
Levanjil la se pou moun toupatou
Sal fè pou mwen li va fèl pou ou tou
Wi Jezi vle delivre ou.
1
Espwa lemonn se Jezi,
Sèlman kwè nan li. (2 liy, 2 fwa)
Li va bay jwa ak lapè,
Wete tristès ak peche.
Espwa lemonn se Jezi,
Sèlman kwè nan li.
74 kreyol – Espwa lemonn se Jezi appeared first on
1
Bò pui Jakòb la yon jou Senyè a
Rankontre yon Samaritèn
Ki vini pran dlo, Jezi mande li bwè
Fanm sila etone
Eske ou pa konnen
Jwif avèk Samaritèn
Pa gen okenn rapò,
Pa gen okenn relasyon;
Pouki ou mande mwen bwè.
Si ou te konnen ki don Bondye
E kilès ki diw ba li bwè
Se ou menm pito ki ta mande
E mwen ta ba ou yon bon dlo;
Yon dlo ki pap janm fini
E ki va dire nan lavi ou
Pou tout letènite.
Refren
Mezanmi tande mwen
Jwenn yon nonm
Ki di mwen tout sa mwen fè,
Nonm sila se yon pwofèt
Eske se pa li menm ki Kris la!
Mezanmi tande mwen
Jwenn yon nonm
Ki di mwen tout sa mwen fè,
Nonm sila li se pitit Bondye
Se li menm ki Mesi a,
Li konnen tout sa ki nan kè mwen.
Sa se yon bagay ki mèvèye!
Li ban mwen yon dlo
Pou mwen pa janm swaf.
2
Lè fanm nan tande Jezikri
Kapab ba li yon dlo
Pou li pa janm swaf,
Fanm nan etone pi plis
Li mande ki kote ou
Va jwenn bon dlo?
Tou de men ou vid
Ou pa gen anyen pou pran dlo
Eske ou pi gran pase
Jakòb ki bay pui sa a,
Ban mwen yon ti gout ladann.
Jezi di fanm nan: kote mariw,
Ale chachel epi vin jwenn mwen.
Fanm nan bay manti
Men, elas! Pa gen pyès moun
Ki ka twonpe Jezi
Ou di ou pa gen mari,
E poutan ou pase senk deja
E dènye a pa pou ou.
3
Mezanmi tande mwen jwenn yon nonm
Ki ban mwen yon dlo
Pou mwen pa janm swaf (bis 3 liy)
Vini bwè dlo sa a
Epi swaf ou va pase.
MANIFESTE - Frè Mendy paroles
Nou Reyini nan tanp lan
Nap ret tann ou Sentespri
Manifeste manifete (bis)
Tout kó nou byen motive
Lespri nou byen dispoze
Nanm nou ap...
Dans les coulisses d’un concert-événement hors du commun
Le 13 avril 2025, malgré la pluie, Gospel Saphir Ministry a célébré la sortie de son premier...