Rele Jezu
Refren
Jezu
lè m tris mwen rele Jezu
lè m kontan mwen rele Jezu
e li toujou tande m wo o o
Jezu
si w pa t la sa mwen t ap fè Jezu
se sou ou mwen apiye Jezu
kè m pa gen dwa sote
Jounen m kòmanse
m remèsye Bondye
mwen ba l tout sa m ye
lavi m asire
zanmi m pa sou chans
pou l ban mwen delivrans
mwen fè li konfyans
mwen gen asirans
Si w wè m nan lajwa
se li ki fè sa
lè m te san zespwa
li ban mwen viktwa
zanmi pa gen lòt
li se kle pou tout pòt
fò nou pran bon nòt
zafè lèzòt
Pon
Ou pa bezwen pè fè l konfidans
li menm tou li konnen lasoufrans
ou mèt ouvè tout kè w ba li
ou pa ka pèdi pari
li pa p mete w nan lari
Kèlkeswa wotè w rive
sanzatann ou ka tonbe
ou te mèt plen konesans
sèl Jezu k bay asirans
si w kite vi w nan men li
ou pa p janm regrèt zanmi
l ap ba w fòs l ap ba w pouvwa
ou pa p janm tètanba
O depi zafè n ap mache
lèzòm toujou prezante
lè nou tonbe plat atè
tout zanmi vole gagè
men si Jezu avèk nou
nou pa p janm ret pou kont nou
depi n desann sou jenou
li gentan la pou nou
LyricsSE MWEN KI KANTIK LA - AMMIEL ROSILIEN FT SAMUEL ROBUSTE & YVON ELORT (OFFICIAL VIDEO)Lien Youtube de la vidéo
Top 30 artistes Gospel Haitiens sur YouTube en 2023
#ammielrosilien #samuelrobuste #Yvonelort #semwenkikantikla #adoration #louange #haiti
SE MWEN KI KANTIK LA
Senyè tande vwa mwen
Map rele w
Pa gad sou eta mwen
Gras souple
Se lavi mwen m pote
Kòm ofrand
Tanpri fasone mwen
Jan ou vle
Tout Sam vle se fèw plezi
Tout Sam vle se viv pou ou
Aksepte mwen kòm yon chan
Resevwa mwen kòm Ofrand
Se mwen ki kantik la
Se mwen ki sakrifis la
Aksepte mwen kòm yon chan
Resevwa mwen kòm Ofrand
Tande vwa mwen
Tande rèl mwen
Prezans ou mwen bezwen
Sel sa sifi pou mwen
Se mwen ki kantik la , Ammiel Rosilien, ft. samuel robuste, Yvon Elort
Source:
Jezi, pandan w ap pase, map pwofite touche'w
Mwen kwè, si m manyen wòb ou
Map jwenn gerizon map chèche
Malgre m pa diy pou w rantre Lakay Mwen
Ni pou ' w ta manje avèk Mwen
Men m konen si sèlman Mwen touche w
M ap Geri, delivre, sove
Kè
Kite men Mwen (3 fwa)
Kite men Mwen touche w
Bridge
Men ou genyen fòs pou l libere m
Pawòl ou gen fòs pou l delivre m
Segnè lè w pale tout fòs obeyi ou
Pandan l ap pase, lonje men' w touche 'l
Break
Wa lonje men 'w touche l
Mwen bezwen'w
Chak jou ki pase , se plis Mwen reyalize,
Mwen bezwen, Mwen bezwen 'w
Nan tan difisil Sa a, maladi, tèt chaje, traka,
Mwen bezwen'w , Mwen bezwen'w
Kè
Mwen bezwen'w pou klere wout Mwen devan danje
Mwen bezwen'w nan chak desizyon Mwen dwe pran
Mwen bezwen'w pou m ka rezizte lè Mwen tante
Mwen bezwen 'w, Segnè Mwen bezwen'w
Lè ' m dekouraje, e m pa gen fòs pou m vanse,
Mwen bezwen 'w, Mwen bezwen'w
Wi lè lespri m boulvèse, e m pa gen zanmi pou m pale
Mwen bezwen'w , Segnè m bezwen 'w
Touche l - Ginou P. Taverne - Lyrics
Le célèbre guitariste congolais Flamme Kapaya, ancien membre de Wenge Maison Mère, rejoint le mythique Groupe Adorons l’Éternel (GAEL) pour un concert exceptionnel baptisé...
Le samedi 20 avril 2025, l’hôtel Karibe a accueilli l’événement sacré et mémorable “Worship Room”. Cette soirée spirituelle, d’une rare intensité émotionnelle, a rassemblé...
Renaissance : Entrevue exclusive avec Charlson “Poppy” Duverné, l’architecte d’un événement musical évangélique hors du commun
Le 25 mai prochain, l’église Vie Transformée accueillera “Renaissance”,...
Concert Gospel à Montréal-Nord : L’HIVER EN ÉTÉ, un événement unique pour la communauté haïtienne
Instarmark Event et Walande Corrier présentent L’HIVER EN ÉTÉ, un nouveau concert gospel à Montréal-Nord qui...