AccueilMusiquesSou la vi mwen - Evelyne Baille - Lyrics

Sou la vi mwen – Evelyne Baille – Lyrics

Partager

Kon rwa David montre m renmen ou

Sajès rwa Salomon m mande tou

Pwosperite pè Abraham m reklame

Fè m yon benediksyon kote m pase

 

Ou se bonè m

Ou se lapè m

Gwo richès mwen

Ak tandrès mwen

Ou se lajwa m

Se sèl espwa m

Ou se tout byen m

Sous la vi mwen

 

Wete dekourajman k anpare m

Chase vye lespri k anviwone m

Ede m ret konekte ak lespri ou

Pou m ka mache fidèl ak ou

 

Pou ki m ta viv si se pa pou Kris

Pi pre w chak you fè m apwoche plis

Segnè m se tout bagay pou mwen

Li se tout byen m sous la vi mwen

 

Ou se bonè m

Ou se lapè m

Gwo richès mwen

Bèl pwomès mwen

Ou se lajwa m

Se sèl espwa m

Ou se tout byen m

Sous la vi mwen

 

Ou se lajwa m

Ou se lespwa m

Pi bèl kado

Sous la vi mwen

Tout byen m genyen

Sous la vi mwen

Tout byen m

Sous la vi mwen

Jubau
Jubau
Jubau, pseudonyme de José Bautista, est l'animateur passionné de l'émission Vendredi RECAP. Auteur, compositeur et rédacteur pour BGospel.com, il a fondé Jubau GROUP en 2009, œuvrant pour la promotion de la musique évangélique.

À la une...

spot_img

À voir aussi: