AccueilMusiquesSanble Avè w , TiBob de Nazareth , CD filisten anvayi m...

Sanble Avè w , TiBob de Nazareth , CD filisten anvayi m , Lyrics

Partager

Sanble Avè w

(2x)
Mwen/Fè vle sanble avè w
Se chanson m se priyè m
Patou kote m pase
Yo va wè ou nan mwen

(2x)
Nan fason mwen pale
Nan fason m konpòte m
Yo va wè ou nan mwen

Kè (2x)
Pannan ou la Senyè
Ranpli m ak lespri ou
Pran kò m sèvi avè l
Pran kè mwen kòm trön ou
Fè mwen sanble avè m

Mwen vle sanble avè w

(Sanble avè w)
(Se priyè mwen)
(Ou-Wo-Wo-Wohh)

(Sanble avè w)
(Se priyè m)
(Ou-Wo-Wo-Wohh)

(Fason m pale)
(Fason m pale)

(Ou la Senyè)
(Ou la Senyè)

Mwen vle sanble avè w = [MV]

Repete …

Mwen vle mache tankou ou Jezu [MV]
M vle fè moun viv tankou ou Sovè [MV]
Mwen vle pot kwa m san mwen pa plenyen [MV]
Pran mòn kalvè m san m pa fè tenten [MV]

San m pa konpwomèt Levanjil [MV]
Mwen vle sanble avè w
San m pa nan pawòl anpil [MV]
Mwen vle sanble avè w
Pou pa gen bri ki fè kè m kase [MV]
Pou pa gen chòk ki fè pye m bite [MV]

Fè mak klou yo grave nan kè m
Pou m ka renmen frè m [MV]
Fè kout frèt yo siyen nan chè m
Pou m ranje zafè m [MV]
Fè pawòl ou vin pen kotidyen m [MV]
Pou lespri ou pran kontwòl desten m [MV]

Pasteur Joseph Pierre nan Ottawa, Bondye beni w pou enspirasyon sa
NB- First the lead will sing the whole thing, then it’s the chorus and at the end they’ll interchange.

Jubau
Jubau
Jubau, pseudonyme de José Bautista, est l'animateur passionné de l'émission Vendredi RECAP. Auteur, compositeur et rédacteur pour BGospel.com, il a fondé Jubau GROUP en 2009, œuvrant pour la promotion de la musique évangélique.

Table des matières [hide]

À la une...

spot_img

À voir aussi: