AccueilActualitésPOU LETENITE | Adonai

POU LETENITE | Adonai

Partager

Mwen ba ou tout ke mwen

Pran li fe sa ou vle

Ou met la vi mwen,

Kondwi mwen jan ou vle

Fe m mache nan chimen w

Ou ki sous la vi mwen

Kote w mwen vle rete

Pou letenite

Pran ke m, pran vi m seye

Tanpri souple tande kri priye mwen

La te ranpli ak mechanste

Kenbe souple pou mwen pa tonbe

Bo lakay ou mwen vle rete

Sou ou m konte pou m ka rive

Kote w kote w mwen vle rete pou letenite

 

ADONAI mwen beni non w

Pou tout sa w fe map adore w

Nan prezans ou nan m mwen vibre

Kenbe m vlope m ak pisans ou

Nan danje yo ou toujou la

Moman sa tro piti pou m ba w glwa

Kote kote w mwen vle rete

Pou letenite

M LIBERE

Pa gen mo,  pou m remesye w

Pa gen lang ki ka pale

Pou tout sa ou fe pou mwen

Pa gen lank ki ka ekri

Pa gen lajan k ka achte

Pa gen pri ki ka peye

Pou san jezi  k te koule

Pou mwen

 

Alelouya m libere

Kris kase tout kod peche

Gade map viv pami moun sove

Alelouya m libere

De men de pye m demare

Kounye a mwen pami moun sove

Sove sove san Jezi te lave m nan peche

M sove

 

Musique et parole : David LINDOR

Chantee par : Ginette & Fritza  2005

Contributeurs
Contributeurs
Les contributeurs de Bgospel Magazine sont des journalistes bénévoles issus de la communauté évangélique, partageant des nouvelles et des histoires inspirantes.

À la une...

spot_img

À voir aussi: