Ou Fidèl – Chantal Saint-Fort
1.
Kòman pou m pata fè louwanj ou
Pou jan w pasyan avè m
Pou jan w tande priyè m ou fidèl
Kòman pou m pa fè volonte ou
Pou jan w leve defi
Pou jan w fe moun sezi ou fidèl
Kè
Leve men m devan sila ki pi wo a
Linivè montre grandè w
Leve men m devan chèf sou tout lot chèf yo
Ke non ou glorifye Jezi mwen
2.
Kòman pou m pa chante bonte ou
Pou jan ou pran swen m byen
Pou jan w kanpe pou mwen ou fidèl
Kòman pou m pata adore ou
Ou wete m nan danje
Ou fè sa m pat panse ou fidèl
Kè
Leve men m devan sila ki pi wo a
Linivè montre grandè w
Leve men m devan chèf sou tout lot chèf yo
Ke non ou glorifye Jezi mwen
Leve men m devan sila ki pi wo a
Linivè montre grandè w
Leve men m devan chèf sou tout lot chèf yo
Ke non ou glorifye, ke non ou egzalte, ke non ou manifye Jezi mwen
Ou Fidèl – CHANTAL SAINT-FORT
👉 Lien vers : YouTube video
👉 Lien vers : Facebook
👉 Actualités :