M pa di se mwen k pi bon save men si n ret jan n ye la a nou antrave chak bat je mechanste pran pwomosyon ti moun ayè la a gentan fè kè gen fè tansyon sansiblite kraze rak san di babay wi ak non vin pi legè pase pay pi fò moun je pete klere nap gade san pale si se nan rèv nou ye, chache yon jan poun reveye KE nou genlè nan rèv sa kap pase la a depase zeprèv jounen jodia menm moun bon kè pè fè zèv nou genlè nan rèv. menm la nati met konprès sou tèt nan fason pa l plant yo vin chich sel pa sale chak jou pi mal nan pran pèz nou pi maye nou tonbe pouse lanmè priye fò paske nenpòt le lanmè ka fè kòlè soley pot dèy la tè pran kriz la lin kriye san yo fè tout jan pou yo ba nou poul nan ekzamen an nou menm nou kè popoz nap kabicha sou fèy la men lè a rive souke kò n pou n reveye KE nou genle nan rèv sa kap pase la a depase zeprèv jounen jodia menm moun bon kè pè fè zèv nou genlè nan rèv. fin : Ayiyen reveye n |
Recommandé
- Advertisement -
- Publicité -
Testez-vous
Dernier Single
- Advertisement -