Moun Nouvo Lyrics:
1
Pou janm te ye m pat gen espwa m ta jwi prezans Bondye
M te konsidere m kòm yon moun ki te pèdi nèt lwen Bondye
Li al chèchem li netwaye m
Lemond te mèt pa konprann mwen
Mwen deside sèvil chak jou
*Ref*
Tout moun te mèt abandone mwen
Jezi pape janm kite m lap kenbe menm, lap kenbe menm
Pou janm te sal pèdi koulè
Li lonje menl li al chèchem
Pou fèm vini yon moun nouvo
2
Anfan prodig te di papa ou mèt ban mwen byen pam
Pran plezi ak zanmi l fè gaspiyaj pèdi tèt li
Malgre sa l retounen papa l fè fèt pou resevwa l
Se konsa syèl la kontan lè w te pèdi w kase tèt tounen
*Bridge*
Yon moun nouvo jan w pat kwè w tap janm ye
Djab la va sezi li va tranble
👉 Lien vers : YouTube video
👉 Lien vers : Facebook
👉 Actualités :






