I Chak fwa’m tande Vwa papa bondie Pale avè’m pou fèm konprann Volonte li, nan lavi mwen Mwen pran tan pou’m konprann
Chak fwa m tande vwa papa bondie Dikte’m ki rout, ke mwen dwe swiv Mwen toujou kite dezi pam yo Mennen mwen nan erè
Kè
Men mwen Jezu, m’bawou lavi-m Lesprim kòm nan’m mwen tout se pou ou, m’lage m nan bra ou Mwen vle padon’w vle agreab nan zie-w Tande priye’m se kri kè mwen segnè
Ou pwoteje’m devan tout danje Ou ouvè pòt lòm paka louvri Ou netwayem chak fwa mwen sal Ou vide gras sou mwen Mwen vle baw plis plas nan lavi mwen Mwen vle konprann ou plis chak jou Mwen tande lè-w pale avè-m Dirije lavi mwen
III
Si’m gen 2 jou Pou’m viv ankò pran mwen kache’m Anba zèl ou Konsa mwen sur Mwen pap pèdi Presans ou nan lavi-m
Lyrics
DESTINE MWEN NAN MEN OU ( GUERSON HILAIRE)
Muzik sa se pou tout moun ki santi destine yo bloke ,yon rapel pou yo remet tout lavi yo bay Bondye.
Source: Lien Youtube de la vidéo