25 mars 2023

Marthe Abel – Ekstaz ( Video et Lyrics)

Recommandé

Lyrics

EKSTAZ- Marthe Abel ( Official Video )

EKSTAZ

I
Ekstaz mwen, se lè pye’m kite tè
Men’m anlè epi tèt mwen atè
De jenou mwen mennen’m nan pòt syèl la

Se konmsi mwen pa possede kò’m
Lespri ou sennen tout arebò’m
M’ vle ret la, m’ pa vle retounen anba

Ref
Papi, chak fwa ou fè mwen kado yon moman konsa
M’ santi’m ta pase tout vi mwen ape ba’w glwa
M’ ta vole (x3)
M’santi’ m damou ou serye !
Ou se lavi’m
Menm nan vant lanmò nanm mwen pral fè louwanj ou
Kounya je’m louvri toujou lavi’m se pou ou
M ta rete (x3)
Kite mwen fonn nan ou
II
Ekstaz mwen se lè’m santi’w touche’m
You fason, tèlman, m sispann panse
M vle profite chak segond m fè nan pye ou
Moman sa dous ke ti van sou po’m
Mwen bliye tout vye chay ki sou do’m
Kay Papa, pa genyen fado k’ twò lou

Ref
Papi, chak fwa ou fè mwen kado yon moman konsa
M’ santi’m ta pase tout vi mwen ape baw glwa
M’ ta vole (x3)
M’santi’ m damou ou serye !
Ou se lavi’m
Menm nan vant lanmò nanm mwen pral fè louwanj ou
Kounya je’m louvri toujou lavi’m se pou ou
M ta rete (x3)

Kite mwen fonn nan ou

Kite’m fonn nan ou Jezi
Kite’m fonn nan ou Yahweh
Kite’ fonn (x4)

By Terra Pixel Ent.

Stephanie Saint-Surin - Domine (Video)
>

Source: Lien Youtube de la vidéo

Julie Laguerre - RAPHA (Video)
>

Inscrivez-vous pour ne rien manquer.

Nous ne spammons pas ! Consultez notre politique de confidentialité pour plus d’informations.

Evaluer cette musique

Cohérence du texte
Qualité artistique
Qualité musicale
Qualité Sonore
Qualité vidéo
Qualité Vocale
Valeurs ajoutées

Testez-vous

Dernier Single

Marthe Abel - Ekstaz ( Video et Lyrics)