AccueilMusiquesMusiques en créoleKote w ye? BLOUSENA ( Video & paroles )

Kote w ye? BLOUSENA ( Video & paroles )

Partager

Lyrics – Kote w ye? Blousena

1
Tankou yon nofraje
Gad jan lavi m prale
Tankou de bra m koupe
Yon malere k ap mande
Ki lè m ap fin konte
Mizè m ap kalkile
Lespri m gaye m twouble
Si w pa tounen m ap krake


Ou pati kite mwen Senyè
kote w ye?
Fè nwa fin kouvri m
souf mwen kout
m ap toufe
Tankou yon loray ki san zèklè
Nan syèl san koulè
Se konsa nanm mwen ye san ou
Tankou yon gazolin k ap boule
Nan yon kawotchou
Vin tenyen dife absans ou

2
Menm si ou pa pale
Mwen p ap janm deplase
Ki kote ou vle m ale?
Pawòl lavi a nan men w li ye
M sonje jan w konn kenbe m
Chalè lanmou w manke mwen
M sonje tout randevou
Lè m konn ale lakay ou


Ou pati kite mwen Senyè
kote w ye?
Fè nwa fin kouvri m
souf mwen kout
m ap toufe
Tankou yon loray ki san zèklè
Nan syèl san koulè
Se konsa nanm mwen ye san ou
Tankou yon gazolin k ap boule
Nan yon kawotchou
Vin tenyen dife absans ou

Pon
Paske, lè w ale
menm lanmò pa bezwen mwen
Lapli mèt tonbe, jaden mwen pa janm wouze
Ki kote w rete, m pa pè mache apye
Pikan mèt kòche m


Ou pati kite mwen Senyè
kote w ye?
Fè nwa fin kouvri m
souf mwen kout
m ap toufe toufe toufe
Tankou yon loray ki san zèklè
Nan syèl san koulè
Se konsa wi nanm mwen nanm mwen san ou
Tankou yon gazolin k ap boule
Nan yon kawotchou
Vin tenyen dife absans ou

Kote w ye? BLOUSENA ( Official Video )

Email : [email protected]

Crédits

Producteur
Jojo
Browns Louis Charles

Texte
Amos César

Lead : Blousena
Choriste: Browns Louis Charles
Batteur : Fenel Lafleur
Guitare : Jimmy Jean Félix
Bass : Kevin Duverseau

Mixage
Browns Louis Charles

Master
Browns Louis Charles

Special thanks
Snowdooby Marcellus
Emmanuella Bigord
Browns Louis Charles
Amos César

👉 Lien vers : YouTube video
👉 Lien vers : Facebook
👉 Actualités :

Jubau
Jubau
Jubau, pseudonyme de José Bautista, est l'animateur passionné de l'émission Vendredi RECAP. Auteur, compositeur et rédacteur pour BGospel.com, il a fondé Jubau GROUP en 2009, œuvrant pour la promotion de la musique évangélique.

Abonnez-vous à notre newsletter

Recevez nos dernières actualités directement dans votre boîte mail.

À la une...

À voir aussi: