AccueilMusiquesJèn ou se legliz la , Riche Charles

Jèn ou se legliz la , Riche Charles

Partager

Se pou pèsonn pa janmen
Pa janmen meprize jenès li
Men tou se poul son modèl
Nan sosyete a
Nan konpòtman li ak aksyon l’
Li dwe montre l’ se yon modèl se yon veso
Yon veso k’ pot lwil sentespri

Riche Charles
Jèn ou se legliz la
Bondye konte sou ou anpil
Se ou ki fòs ansyen yo
Ak egzanp timoun yo
Ou dwe yon solda
Kap pot flanbo sentespri a
Ou bwezwen toujou briye
II
Se pou pyès ansyen pa anpeche
Jèn yo egzèse ministè yo
Men pitow ba yo lebra
Toujou sonje yo nan lapriyè
Ankouraje yo, konseye yo
Paske se yo k’ dwe kontinye
Tout travay nou te fè yo
Bridge
Jèn nou se senbòl flè ak enèji
Nou reprezante fòs ansyen fòs ansyen yo
Jèn nou se senbòl flè ak enèji
Nap bay bon egzanp ak tout timoun yo
Nou se balans ant granmoun ak timoun yo
Nou reprezante mass fòs legliz la
Se pou okenn jèn pa janmen
Pa janm monte tèt li
Sou ansyen yo
Men tout granmoun yo
Pa janm minimize jèn yo

Paske nou son sèl
Kap travay nan wayòm kris la
Ansyen yo te la
E kounye a se jèn yo ki la

Jubau
Jubau
Jubau, pseudonyme de José Bautista, est l'animateur passionné de l'émission Vendredi RECAP. Auteur, compositeur et rédacteur pour BGospel.com, il a fondé Jubau GROUP en 2009, œuvrant pour la promotion de la musique évangélique.

Abonnez-vous à notre newsletter

Recevez nos dernières actualités directement dans votre boîte mail.

À la une...

spot_img

À voir aussi: