Français | Créole | Anglais

Filisten anvayi m , TiBob de Nazareth , Lyrics

À lire aussi:

Jubau
Jubau est le fondateur & CEO de BGospel magazine.

Filisten Anvayi m

Oh! Oh! Oh! Oh!

Lèzòm mechan woh [Oh!]
Kè yo pa bon vre [Oh!]
Jezu ou k fè m gras [Oh!]
Retire m nan nas
Lèzòm mechan woh [Oh!]
Moun yo malouk vre [Oh!]
Jezu ou k fè m gras [Oh!]

Lèzòm mechan woh [Oh!]
San yo gate vre [Oh!]
Jezu ou k fè m gras [Oh!]
Retire m nan nas
Lèzòm malouk woh [Oh!]
Moun yo mabyal vre [Oh!]
Jezu ou k ban m plas [Oh!]

REF
Ou Di m pran wout la
Mechan vle detwi m
Jezu m nan konba
Filisten anvayi m
M pa wè kijan m pral pase
Men m ap kenbe fèm
Nan je yo m pral vole
Se pwomès sa w fè m

MMK
Men m ap kenbe fèm
Nan je yo m pral vole
Se pwomès sa w fè m

M pa wè kote m pral pase [MMK]
M pa konn kijan m pral plane [MMK]
M pa konn ki zèl m pral pouse [MMK]
M pa konn ki van k pral voye m [MMK]

REF

M pa konn sou ki do m pral monte [MMK]
M pa konn ki nuaj ki pral pote m [MMK]
M pa konn ki pas dlo m pral janbe [MMK]
M pa konn ki pon m pral travèse [MMK]

REF

SPF
Se pwomès sa w fè m

Nan je yo m pral vole [SPF]
Nan je yo m pral pèse [SPF]
Nan je yo m pral fete [SPF]
Nan je yo m ap rive [SPF]

Nan tèt m ap toujou ye [SPF]
Mwen pa p janm pran lake [SPF]
Gen w tab ou pral ranje [SPF]
Pou advèsè m yo gade [SPF]

W pa p janm livre m ba yo [SPF]
Yo mèt tire m kou nan do [SPF]
Menm branch cheve mwen yo [SPF]
Yo pa p janm atenn yo [SPF]

Yo mèt pale yo pa p janm konn sekrè m [SPF]
Yo mèt rayi m men se wè ya va wè m [SPF]
Tout madichon ap san zefè dèyè m [SPF]
Flèch filisten pa p janm ka blese kè m [SPF]

Wi nan je yo m pral vole [SPF]
Nan je yo m pral fete [SPF]
Devan yo m pral pase [SPF]
Y ap tande m temwanye [SPF]

- Publicité -

LAISSER UN COMMENTAIRE

Ecrivez votre commentaire
SVP entrer votre nom ICI

- Publicité -

FOCUS 🟢🟢🟢🟢🟢

- Publicité -

Nouvelles musiques

Inscris-toi à l'infolettre!
Ouvrir le chat
1
Avez-vous une question?
Clavarder avec Jubau
Bienvenue sur BGospel Magazine.
comment pouvons-nous vous aider?
---
(pou kreyol tape - ht.bgospel.com)
(For english - en.bgospel.com)