MUSIQUES

Dezi pa m’ , James Smith Alcindor , Lyrics


Dezi pa m’
Se pa pou m’ lòt kote
Lòt kote e
Ke anndan kè ou Senyè

1
Volonte m
Se pa pou mwen ale lwen w’ Senyè
Plezi pa m’
se pa pou mwen blese w’
Men volonte m’
Se fè volonte w’
Plezi m’
Se fè w’ plezi
m’vle antre pi fon
anndan kè w

Anndan kè w’
Se la mwen santi m’ byen
Senyè mwen
Jezi mwen
Afeksyon ou pi bon
pase tout sa m’ ta kab jwenn
anndan kèw’
Se la m’ byen
Oo o oo oo…

2
Tout vi pa m’
Nanm mwen vle danse sou batman kè w’
Tout tan pa m’
Bouch mwen vle chante panse ou
Wi tout vi pa m’
M’ vle toujou ret pa w’
Tout tan pa m’
M’vle toujou plonje
Anndan kè w’ (bis)

Publications similaires à propos de James Smith Alcindor

🔗 Pa la fwa , James Smith Alcindor , Lyrics
🔗 Ou se Bondye , James Smith Alcindor , Lyrics
🔗 Fasone’m jan’w vle , James Smith Alcindor , Lyrics
🔗 Ou fidèl pou aji , James Smith Alcindor , Lyrics
🔴 Dezi pa m’ , James Alcindor , Lyrics

Latest Posts

TENDANCES

ACTUALITÉS