Français | Créole | Anglais

Demitou , TiBob de Nazareth , CD filisten anvayi m , Lyrics

À lire aussi:

Jubau
Jubau est le fondateur & CEO de BGospel magazine.

Demitou

Jodi a m ret douvan glas
Pou m byen gade m fasafas
Ki move tras ki enpas
Ki fè m nan nas

Lespri m pran fè “les 100 pas”
Konsyans mwen kanpe an kwa
Desten m rete aleka
Kè m nan traka

Pon
M ap lage sa
Se pa vi m sa
Mwen pral fè yon detou
M pral bay Satan yon kou

Kraze baryè
Janbe fwontyè
M deja pran gran lizyè
M pa p gad dèyè

Refren
Mwen pa konn kote m prale
Men m konn kote m vle rive
Fò m wè ak papa Bondye
Pou m konfese

-II-
Genyen k di m son w ka pèdi
Menm lanfè pa fè m kredi
Sèkèy bay souf mwen defi
M la pou m mouri

Se mwen k te lespwa fanmi m
Se mwen k te lavni peyi m
Plezi lachè avili m
Nanm mwen enfim

-III-
Satan fè m fè twòp betiz
Fwa sa a mwen pa p ba l ekskiz
Anvan lanmò fè m sipriz
M pran wout legliz

- Publicité -

1 COMMENTAIRE

LAISSER UN COMMENTAIRE

Ecrivez votre commentaire
SVP entrer votre nom ICI

- Publicité -

FOCUS 🟢🟢🟢🟢🟢

- Publicité -

Nouvelles musiques

Inscris-toi à l'infolettre!
Ouvrir le chat
1
Avez-vous une question?
Clavarder avec Jubau
Bienvenue sur BGospel Magazine.
comment pouvons-nous vous aider?
---
(pou kreyol tape - ht.bgospel.com)
(For english - en.bgospel.com)