Français | Créole | Anglais

Sa Bèl , TiBob de Nazareth , Filisten anvayi m , Lyrics

À lire aussi:

Jubau
Jubau est le fondateur & CEO de BGospel magazine.

Sa Bèl

Ou pa jeneral
Men w gen w lame ki rele w pa w
Nan lagè kè w kal
Solda ap batay pou viktwa w (Viktwa a!)

W pa gen doktè lopital
Gratis zanj pot gerizon ba w
(San 5 kòb gerizon ba w)
Menm lè w tribinal
Tout lesyèl tounen avoka w

Ouuuuuhhhhh!

Pon
Ak lanmou Bondye nan kè
Sa w kwè vin tounen sa w wè
Sa w di ka koupe fè
Met dife nan kan Lisifè
Menm sa w te pè
Vin tounen sa w ap fè
Konplo nan fènwè
Avili gran jeklè

Refren
Sa Bèl o
Lè w gen Bondye Sa Bèl …

-II-
Ou poko gen zèl
Nan syèl w gen branch ou gen rasin
Kay ou son w tonèl
Men lè siklòn ou sou dodin (Dodin in!)

Menm lè razè fè w konn fyèl
Chak jou dife limen nan kizin
(dife limen nan kizin)
Ou pa w ofisyèl
W jwen ochan kou chèf nan tribin

Ouuuuuhhhhh!

Pon
Se tankou match foutbòl
Ekip ou pa ka pran gòl
Depi w pran lapawòl
Advèsè w san pwotokòl
Tout jwè kremòl
Douvan w pèdi kontwòl
E si w ta pèdi wòl
Lesyèl ap ba w zèpòl

-III-
Ouuuuuhhhhh!

Pon
Yo mèt kouche an kwa
Pou ou sa se madigra
Ou pa p janm tèt anba
Sou fòs mal Bondye ba w dwa
Puisans fènwa
Douvan w tout se fatra
Satan konn sa
Lè w di Alelouya! (Alelouya!)

Sa Bèl
Lè w gen Bondye wo! (4x) (Sa Bèl)

Menm nan movetan kè w ret kal (Sa Bèl)
Paske lavi w pa p janm pase mal (Sa Bèl)
Yo mèt pale w mal anbachal (Sa Bèl)
Douvan yo w ap file kou zetwal (Sa Bèl)

Pye w pa ka bite sou dal konplo yo (Sa Bèl)
Yo pa ka touche w lè w nan mitan yo (Sa Bèl)
San bato w ap janbe tout vye pas dlo yo (Sa Bèl)
Kannòt Sentespri va ba w zèl nan do (Sa Bèl)

Sa bèl o (Sa Bèl) Sa bèl o (Sa Bèl)
Mwen di Sa bèl o (Sa Bèl) Sa bèl o (Sa Bèl)

Moun pa ka vin di w pa p rive (Sa Bèl)
Se pou sa san Kris te koule (Sa Bèl)
Lè w pliye jenou w pou priye (Sa Bèl)
Se tout zantray latè ki sekwe (Sa Bèl)

Ou pa dwe pè mache sou tèt skòpyon yo (Sa Bèl)
Lè yo fouye tou yo antere tèt yo (Sa Bèl)
Lakwa pa p fè bak douvan zam mechan yo (Sa Bèl)
Lesyèl deja siyen fò w monte pi wo (Sa Bèl)

Sa bèl o (Sa Bèl) Sa bèl o (Sa Bèl)
Mwen di Sa bèl o (Sa Bèl) Sa bèl o (Sa Bèl)
Sa bèl o (Sa Bèl) Mezanmi Sa bèl wi sa bèl (Sa Bèl)
Wi Mwen di Sa bèl o (Sa Bèl) Oh Sa bèl o (Sa Bèl)

- Publicité -

LAISSER UN COMMENTAIRE

Ecrivez votre commentaire
SVP entrer votre nom ICI

- Publicité -

FOCUS 🟢🟢🟢🟢🟢

- Publicité -

Nouvelles musiques

Inscris-toi à l'infolettre!
Ouvrir le chat
1
Avez-vous une question?
Clavarder avec Jubau
Bienvenue sur BGospel Magazine.
comment pouvons-nous vous aider?
---
(pou kreyol tape - ht.bgospel.com)
(For english - en.bgospel.com)