Français | Créole | Anglais

Kilès Mwen Ye , TiBob de Nazareth , Filisten anvayi m , Lyrics

À lire aussi:

Jubau
Jubau est le fondateur & CEO de BGospel magazine.

Kilès Mwen Ye

Kilès mwen ye Segnè (bis)
Kilès mwen ye Segnè (bis)
Ou kite sa k pi rich yo
Pou w vin wete m atè a [PVW]
Ou kite sa k pi gran yo [PVW]
Ou kite sa k pi wo yo [PVW]
Son w kesyon ke m ap poze
Kilès mwen ye Segnè
Son w kesyon m pa ka pa poze
Kilès mwen ye Segnè

Ou kite gwo mesye yo [PVW]
Ou kite gran jipon yo [PVW]
Ou kite gwo pòtray yo [PVW]

Kilès mwen ye Segnè
Jouk mwen-menm tou
Y ap fè pawòl sou mwen
Kilès mwen ye Segnè
Jouk mwen-menm tou
Y ap voye pwen sou mwen
Kilès mwen ye Segnè
Jouk mwen-menm tou
Y ap pèdi nwit pou mwen
Kilès mwen ye Segnè
Jouk mwen-menm tou
Pou y ap kache pou mwen

Lè m te atè a
Pèsonn pa t wè m pou yo m pa t egziste
Lè m te nan pousyè a
Pèsonn pa t wè m pou yo m pa t egziste
Lè m te nan labou a
Pèsonn pa t wè m pou yo m pa t egziste
Lè m te nan grangou a
Pèsonn pa t wè m pou yo m pa t egziste

-2-
Ou vole sou do mòn yo [PVW]
Ou plonje nan vale yo [PVW]
Ou travèse rivyè yo [PVW]

~~~
Si Bondye pa t Bondye
Oh-Oh si Bondye pa t Bondye (4x)

Yo ta ban m sèkèy deja
Si Bondye pa t Bondye
Moun yo ta fè defen deja
Si Bondye pa t Bondye
Mwen t ap pran lari deja
Si Bondye pa t Bondye
M t ap ba yo legen deja
Si Bondye pa t Bondye

Votou yo ta beke m deja
Sansi yo ta bwè san m deja
Filisten ta fè m fou deja
Zo m ta fè bouton deja

Antèman m ta chante deja
Fanmi m ta pote dèy deja
Pitit mwen ta òfelen deja
Simityè ta ban m kle m deja

Mwen ta lage sa deja
Desepsyon t ap touye m deja
Maladi ta ban m sèkèy deja
Lavi m ta pase mal deja

Lang yo t ap antere m deja
Mwen ta anba tè deja

Maryaj mwen ta kraze deja
Timoun yo ta gaye deja

- Publicité -

LAISSER UN COMMENTAIRE

Ecrivez votre commentaire
SVP entrer votre nom ICI

- Publicité -

FOCUS 🟢🟢🟢🟢🟢

- Publicité -

Nouvelles musiques

Inscris-toi à l'infolettre!
Ouvrir le chat
1
Avez-vous une question?
Clavarder avec Jubau
Bienvenue sur BGospel Magazine.
comment pouvons-nous vous aider?
---
(pou kreyol tape - ht.bgospel.com)
(For english - en.bgospel.com)