Français | Créole | Anglais

Eske w Konnen , TiBob de Nazareth , Filisten anvahi m , Lyrics

À lire aussi:

Jubau
Jubau est le fondateur & CEO de BGospel magazine.

Eske w Konnen

Eske w konnen
Eske w konnen
Eske w konnen
Pouki li te mouri

Yo kondane l yo krisifye l
Pou mwen ak ou te ka sove
Limanite te menase
Lè Adan e Ev te fin peche

Malgre yo te kloure l sou w kwa
Anpil nan nou pa konn pouki
Si trinite pa t entèvni
Se Lisifè k t ap fè lalwa

Soti nan syèl vin sou yon kwa
Sou peche pou l ba nou viktwa
Soti sou kwa al nan tonbo
Sot nan tonbo monte anwo

Pou prepare yon bèl palè
Mèvèy je lèzòm poko wè
Si mwen ak ou konprann pouki
Se la nou pral viv pou lavi

Refren

Li gen pou l tounen tankou w wa
Se pou nou tout kenbe lafwa
Konplo Lisifè pa p pase
Se Bondye sèl k ap kòmande

Se poutèt sa li te mouri
Pou l te kapab ban nou lavi
Chèche konnen avan l twò ta
Pou nou pa pèdi nan fènwa

Refren

Oh-Oh-Ohhh (4x)

Pou chenn konplo yo ka kase
Si w pa konnen chèche konnen
Pou wòch pwoblèm yo ka woule
Si w pa konnen chèche konnen
Li ka geri tout maladi
Si w pa konnen chèche konnen
Sèlman met espwa w nan Jezi
Si w pa konnen chèche konnen

Ou mèt rele l nan movetan, zanmi
Si w pa konnen chèche konnen
Ou mèt konte sou li toutan, zanmi
Si w pa konnen chèche konnen
W mèt eseye l lè sa pa bon, zanmi
Si w pa konnen chèche konnen
Ou mèt chèche l pou direksyon, zanmi
Si w pa konnen chèche konnen

Jou lafen an prèske rive, frè mwen
Si w pa konnen chèche konnen
Son w okazon pou w pa rate, sè mwen
Si w pa konnen chèche konnen
Pòt lagras la pral fèmen
Si w pa konnen chèche konnen
Pinga di w ap tann demen
Si w pa konnen chèche konnen

Jodi a ou konnen
Pa pèdi tan
Si w pa konnen chèche konnen
Mizik sa a fè w konnen
M di w ann avan
Si w pa konnen chèche konnen
Frè Duval fè w konnen
Vin pran devan
Si w pa konnen chèche konnen
Mwen Tibob fè w konnen
Wi se pou ou l vèse san l

- Publicité -

LAISSER UN COMMENTAIRE

Ecrivez votre commentaire
SVP entrer votre nom ICI

- Publicité -

FOCUS 🟢🟢🟢🟢🟢

- Publicité -

Nouvelles musiques

Inscris-toi à l'infolettre!
Ouvrir le chat
1
Avez-vous une question?
Clavarder avec Jubau
Bienvenue sur BGospel Magazine.
comment pouvons-nous vous aider?
---
(pou kreyol tape - ht.bgospel.com)
(For english - en.bgospel.com)