Français | Créole | Anglais

Ou Leve m Wo , TiBob de Nazareth , CD tout okazyon , Lyrics

À lire aussi:

Jubau
Jubau est le fondateur & CEO de BGospel magazine.

Ou Leve m Wo

Lè mwen sonje
Kote lanmou retire m
Kouman w ta vle
Pou m ta kite w ale
Kè m ap fete
Chak jou paske w bò kote m
Depi w fache
Lavi mwen toumante

Ou leve m wo
Devan je tout fanmi m yo
Ou leve m wo
Devan lasosyete
Defo m yo
Kote w disparèt san fòse
San ou m fèmen
Mwen pa menm ka itil tèt mwen

Mwen vin pi wo
Lè m gade w pran m a zewo
Fènwa ban m do
Ou pote m kon w fado
Fò w di mwen
Kouman pou m ta fè fonksyone
San ou vi mwen
Cheri deja gache

-2-
Mwen sonje tout
Sa mwen avè w nou pase
Mwen pa gen dout
Syèl voye w korije m
Ou fè de mwen
Sa m pa t janm imajine
M son w òfelen
Si ou pa nan panse m

Ou leve m wo
Devan je tout fanmi m yo
Ou leve m wo
Devan lasosyete
Defo m yo
Kote w disparèt san fòse
San ou m nan zen
Ka lavi m pa vle di anyen

Mwen vin pi wo
Lè m gade w pran m a zewo
Fènwa ban m do
Pou kè m ou son w kado
Ou fè m wè
Kijan Bondye m nan renmen m vre
Si w pa t avè m
Vi m te deja gache

Ou se gou syèl mwen sou latè
Se ou k fè m konn gou bonè (bis)

Mwen pa anvi pou w ale
M ap fè efò pou n pwospere
Lavi an mwen se nou de
Mwen pa wè tèt mwen k ap respire san ou Babe
Fòs lanmou ka fè m mache
Ah sou chimen verite
Pou jouktan Bondye releeee m Babeee

Ou se gou syèl mwen sou latè
Se ou k fè m konn gou bonè (bis)

Mwen pa renmen w pou de jou
Nan bon tan kou move jou
Se kòd lanmou k mare nou pa lage mwen doudou
Mwen-menm avè w son w mèvèy
Menm si tout moun wè n pèdi fèy
Lanmou
Se zam Bondye ba nou

- Publicité -

LAISSER UN COMMENTAIRE

Ecrivez votre commentaire
SVP entrer votre nom ICI

- Publicité -

FOCUS 🟢🟢🟢🟢🟢

- Publicité -

Nouvelles musiques

Inscris-toi à l'infolettre!
Ouvrir le chat
1
Avez-vous une question?
Clavarder avec Jubau
Bienvenue sur BGospel Magazine.
comment pouvons-nous vous aider?
---
(pou kreyol tape - ht.bgospel.com)
(For english - en.bgospel.com)