Français | Créole | Anglais

Bòn Fèt Manman , TiBob de Nazareth , CD tout okazyon , Lyrics

À lire aussi:

Jubau
Jubau est le fondateur & CEO de BGospel magazine.

Bòn Fèt Manman

Pouki
Ou tris konsa manmi
Pa di
Sa fè w soufri paske m grandi
Menm si
Lavi fè mwen pati
Jodi
Nan w lòt abri m bati w fanmi

-Pon-
Se ou k montre m tout sa m konnen
Ki fè m gen w desten
Se afeksyon ke w te ban mwen
Ki fè m ka renmen
Menm si mwen pa rele w ni wè w souvan
Plas ou se nan fon kè mwen manman

-2-
M sonje
Se ou k fè m ap mache
Kote
Menm pye pa ou pa t janm pile
W pote m
Tankou w trezò kache
W gide m
Sou wout Bondye jouktan m sove

Jiska prezan
Sa toujou menm jan
Ou san ranplasan [Wo o oh]
Manman wo

Sou chimen lavi
Ou aprann mwen fè 2
[Sa se manman pa m nan]
Ou ta vle mouri
Si w wè m ak dlo nan je
[Sa se manman pa m nan]
Ou pran baf, ou pran kou
Ou pa janm sispann batay
[Sa se manman pa m nan]
Ou menm bliye tèt ou
Ou di fò m yon bagay

-2-
Ou kraze pòt lanfè
Fè dyab eksplikasyon
[Sa se manman pa m nan]
Pran seren, pran koutlè
Ak kout imilyasyon
[Sa se manman pa m nan]
Ak yon ti bak sirèt
Ou ban m edikasyon
[Sa se manman pa m nan]
Ou fè lenmi, w fè dèt
Ou menm pran madichon

Wi manman se ou
Ki met lanmou nan kè m
Wi manman se ou
Ki trase wout bonè m
Wi manman se ou
K ap soufri depi m tibebe
Wi manman se ou
Jiskaprezan kè w sote Woooooo
Wi manman se ou
Depi mwen pa rele
Wi manman se ou
Si m yon moun jodi a
Wi manman se ou
Ki te travay pou sa

- Publicité -

LAISSER UN COMMENTAIRE

Ecrivez votre commentaire
SVP entrer votre nom ICI

- Publicité -

FOCUS 🟢🟢🟢🟢🟢

- Publicité -

Nouvelles musiques

Inscris-toi à l'infolettre!
Ouvrir le chat
1
Avez-vous une question?
Clavarder avec Jubau
Bienvenue sur BGospel Magazine.
comment pouvons-nous vous aider?
---
(pou kreyol tape - ht.bgospel.com)
(For english - en.bgospel.com)