Français | Créole | Anglais

Jezi ap tounen , Marie Ange Dénéra , Lyrics

À lire aussi:

Jubau
Jubau est le fondateur & CEO de BGospel magazine.
Ref
Jezi ap tounen eske ou prè
Si tronpèt la sone kounya eskew prale (Bis)
I-
Gen plis pase demil an Jezi te vin mouri
Pou nou te kapab genyen la vi
Dezobeisans adan ak ève fè nou tout te kondane
Sakrifis kris la peye dèt nou yo
Kounya tout moun ki kwè nan li
Gen yon gran esperans
Paskel di lal prepare yon plas
Se pa tout moun kap ka ale
Paske gen yon kondisyon
Eskew santi ou prè.
Ref
Jezi ap tounen eske ou prè
Si tronpèt la sone kounya eskew prale (Bis)
II-
Si ou ta renmen ale
Kondisyon an se :Akseptel kom sovèw kom mèt ou
Epi mache nan sentete nan imilite
obeyi ak komandman li yo
Si malgre ou anndan legliz
Nan tout aktivite
Epi wap mennen viw jan ou vle
Map diw frèm sèm fon reflechi
Nan yon ti tank pa tro lwen jezi pral retounen
PON
Kris ap tounen
Eske ou pre
Kris ap tounen
Wi kris ap tounen tout siy tan yo
Montren sa
Kom nou pa konnen jou ni lè
Viv chak jou kon dènye jou
Fin
Kris ap tounen,kris ap tounen vre
Ou genlè pa kwè sa
Poul vin chèche tout moun ki kwè
Siw kwèm manti gade nan jan 14 v 3 wap wèl.
Kris ap tounen,kris ap tounen vre
Pa gen manti nan sa mwen se li map tann
Poul vin chèche tout moun ki kwè
lap tounen janl te anonsel poul vin chèche tout moun ki kwè
Men pa gen moun ki konn ni jou ni kilè lap tounen
Se poutèt saw dwe preparew pouw pa rate randevou sa
Ou met kwèm pa gen dout nan sa lap tounen trè byento.
- Publicité -

LAISSER UN COMMENTAIRE

Ecrivez votre commentaire
SVP entrer votre nom ICI

- Publicité -

FOCUS 🟢🟢🟢🟢🟢

- Publicité -

Nouvelles musiques

Inscris-toi à l'infolettre!
Ouvrir le chat
1
Avez-vous une question?
Clavarder avec Jubau
Bienvenue sur BGospel Magazine.
comment pouvons-nous vous aider?
---
(pou kreyol tape - ht.bgospel.com)
(For english - en.bgospel.com)