Français | Créole | Anglais

Bib La , TiBob de Nazareth , CD tout okazyon , Lyrics

À lire aussi:

Jubau
Jubau est le fondateur & CEO de BGospel magazine.

Bib La

Mwen pa konprann sa w ap di m la
Se pa ou menm ki te kwè nan san lakwa
Premye sa pou w konnen sou chimen syèl la
Pa gen lòt liv w ka mete nan plas Bib la

Di m sou kisa ou kanpe la
Pou nenpòt moun teke pye w nan pawòl la
Menm si kèk vèsè met lespri w tètanba
Pa p janm gen liv pou w mete nan plas Bib la

Pon
W mèt chaje referans
Ak dekouvèt lasyans
Pa p janm gen liv pou w mete nan plas Bib la

Pou w wè fas Sovè a
Ou pa dwe doute sa
Pa p janm gen liv pou w mete nan plas Bib la

Pou Bondye pale avè w
Fò w aksepte nan kè w
Pa p janm gen liv pou w mete nan plas Bib la

Eske w pran sans sa w ap di a
Diplòm lekòl pa p ba w kle sa k ekri a
Si Sentespri pa louvri baryè Syèl la
Ou ka li men w pa p konprann sa k nan Bib la

Ki moun k ap fè w di bagay sa
W bliye pouki Kris te vin nan pak bèt la
Pouki l te pran imilyasyon kalvè a
Se pou pa t janm gen liv ki pran plas Bib la

Pon

Nan plas Bib la
Pa gen lòt liv w ka mete
Pa gen lòt pawòl w ka mete
Pa gen filozofi w ka mete
Pa gen doktrin w ka mete …

Pa gen pa m pi bon w ka mete
Pa gen voye monte w ka mete
Pa gen “je pense que” w ka mete
Pa gen “il se peut que” w ka mete

Pa gen “d’après mes recherches” w ka mete
Pa gen “d’après mes trouvailles” w ka mete
Pa gen “d’après mes déductions” w ka mete
Pa gen “d’après mes conclusions” w ka mete

M pa p pran l [Nan plas Bib la]
Mwen pa p pran l [Nan plas Bib la]
M pa p janm pran l [Nan plas Bib la]
M pa ka pran l [Nan plas Bib la] (bis)

Legliz Bondye pa p pran l
Moun sove yo pa p pran l
Vrè pastè yo pa p pran l
Bon fidèl yo pa p pran l

Atis Bondye pa p pran l
Moun k ap adore pa p pran l
Moun k ap loure pa p pran l
Moun ki krent Bondye pa p pran l

Moun ki viv lapawòl pa p pran l
Moun ki gen eksperyans pa p pran l
Moun ki gen lafwa pa p pran l
Moun ki gen Sentespri pa p pran l

M pa p pran l [Nan plas Bib la]
Mwen pa p pran l [Nan plas Bib la]
M pa p janm pran l [Nan plas Bib la]
M pa ka pran l [Nan plas Bib la]

- Publicité -

LAISSER UN COMMENTAIRE

Ecrivez votre commentaire
SVP entrer votre nom ICI

- Publicité -

FOCUS 🟢🟢🟢🟢🟢

- Publicité -

Nouvelles musiques

Inscris-toi à l'infolettre!
Ouvrir le chat
1
Avez-vous une question?
Clavarder avec Jubau
Bienvenue sur BGospel Magazine.
comment pouvons-nous vous aider?
---
(pou kreyol tape - ht.bgospel.com)
(For english - en.bgospel.com)